Jan 13:33 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen33 “Pitit Mwen yo, Mwen avèk nou pou yon ti tan anplis. Nou ap chache M, e tankou Mwen te di Jwif yo, koulye a M ap di nou tou. Kote M ap ale, nou p ap kab vini. Gade chapit la1998 Haïtienne33 Pitit mwen yo, mwen pa la pou lontan ankò avè nou. Ala chache n'a chache mwen! Men, kounyeya m'ap di nou sa m te di jwif yo deja: Nou pa kapab ale kote m prale a. Gade chapit laNouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil33 Zanmi m yo, mwen p ap pase anpil tan ak nou ankò. Nou va chache m, men, menm jan m te di lidè Jwif yo, mwen di nou sa tou, nou p ap kapab vini kote m prale a. Gade chapit la |