Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jan 13:26 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

26 Pou sa, Jésus te reponn: “Sila a ke M ap bay mòso pen ke M pral tranpe bay li a.” Lè L tranpe mòso a Li te pran li bay Judas, fis a Simon Iscariot.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

26 Jezi reponn li: — Mwen pral tranpe yon moso pen nan plat la: moun w'a wè m'a lonje l bay la, se li menm. Jezi pran yon moso pen, li tranpe l, li lonje l bay Jida, pitit Simon Iskaryòt la.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

26 Jezi reponn li: “Moun ou va wè m tranpe yon moso pen ba li a.” Lè sa a, li plonje yon moso pen nan asyèt la epi li lonje l bay Jida Iskaryòt, pitit Simon an.

Gade chapit la Kopi




Jan 13:26
8 Referans Kwoze  

Simon, Zelòt la ak Judas Iscariot, sila ki te trayi Jésus a.


Konsa, youn nan douz yo ki te rele Judas Iscariot te ale kote chèf prèt yo.


Li te reponn: “Sila ki mete men l avèk mwen nan bòl la, se li menm k ap trayi Mwen an.


Men gade, men la a sila ki trayi Mwen an; li la avè M sou tab la.


Apre li te resevwa mòso a, li te sòti nan menm moman an. E li te lannwit.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite