Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jan 13:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Nou rele M ‘Mèt’, epi ‘Senyè’, e nou gen rezon, paske se sa Mwen ye.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

13 Nou rele m Mèt, nou rele m Senyè. Nou gen rezon, se sa m ye vre.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

13 N ap rele m Mèt ak Senyè. Nou byen fè, se sa mwen ye vre.

Gade chapit la Kopi




Jan 13:13
18 Referans Kwoze  

Konsa, SENYÈ a te di mwen: “Ou te wè byen; paske Mwen ap veye sou pawòl Mwen pou pawòl Mwen vin fèt.”


Menm jan ke Fis a Lòm nan pa t vini pou fè lòt sèvi Li, men pou sèvi lòt yo, e pou bay vi li pou ranson vi a anpil lòt moun.”


Li te di li: “Ou reponn byen kòrèk. Fè sa, e ou va viv.”


“Poukisa nou rele M ‘Senyè, Senyè’, e pa fè sa ke M di?


Simon te reponn e te di: “Mwen sipoze ke se sila ke li te padone plis la.” “ Li te di li: “Ou jije byen”.


Se te sè Lazare, Marie ki te onksyone Senyè a avèk lwil chè a, epi te siye pye Li avèk cheve li. Se frè li, Lazare, ki te malad.


Lè li te di sa, li te ale, e te rele Marie, sè li, e te di l apa: “Mèt la rive, e L ap mande pou ou.”


Konsa, sè yo te voye kote Li pou di L: “Senyè, sila ke ou renmen an malad.”


Konsa, mwen fè nou konnen ke pa gen pèsòn k ap pale pa Lespri Bondye a ki di: “Jésus madichonnen”. Ni pèsòn p ap ka di: “Jésus se Senyè a”, eksepte pa Lespri Sen an.


malgre sa, nou pa gen sof ke yon Bondye Papa a. De Li menm tout bagay sòti, e nou pou Li, e yon Senyè, Jésus Kris. Pa Li menm tout bagay ye, e nou egziste pa Li.


Epi mèt yo, fè menm bagay yo pou yo. Sispann menase yo, lòske nou konprann ke ni Mèt pa yo a ak pa nou an se nan syèl la, epi devan Li pa gen patipri.


epi tout lang konfese ke Jésus Kri se Senyè a pou laglwa Bondye Papa a.


Anplis de sa, mwen konte tout bagay kòm pèt an konsiderasyon ak piwo valè ke m konnen Kris Jésus a, Senyè mwen an. Pou Sila mwen te soufri pèt tout bagay yo, e konte yo kòm fatra, pou m kapab genyen Kris.


Ou kwè ke Bondye se yon sèl. Ou fè byen. Demon yo kwè tou, e yo tranble.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite