Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jan 12:44 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

44 Jésus te kriye e te di: “Sila a ki kwè nan Mwen, pa kwè nan Mwen, men nan Li menm ki te voye Mwen an.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

44 Jezi pale byen fò, li di: — Moun ki kwè nan mwen, se pa nan mwen sèlman li kwè, men li kwè nan moun ki voye m lan tou.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

44 Lè sa a, Jezi deklare byen fò: “Moun ki kwè nan mwen se pa nan mwen l kwè, se nan moun ki voye m nan li kwè.

Gade chapit la Kopi




Jan 12:44
11 Referans Kwoze  

Sajès rele fò nan lari. Li leve vwa li nan plas la.


Èske sajès pa rele? Èske bon konprann pa leve vwa li?


Sila ki resevwa nou menm, resevwa M; e si la ki resevwa Mwen, resevwa Sila ki te voye Mwen an.


Jésus te di li: “Si Ou kapab? Tout bagay posib pou sila a ki kwè a.”


“Nenpòt moun ki resevwa yon timoun tankou sila a nan non pa M, resevwa M; e nenpòt moun ki resevwa M, li pa resevwa Mwen, men Sila ki voye Mwen an.”


Lè L fin te di bagay sa yo, Li te kriye avèk yon gwo vwa: “Lazare, sòti deyò.”


“Anverite, anverite, Mwen di nou, sila a ki resevwa nenpòt moun ke M voye, resevwa M. E sila ki resevwa Mwen, resevwa Li menm ki te voye Mwen an.”


“Anverite, Anverite, Mwen di nou, moun ki tande pawòl Mwen, epi kwè Li menm ki te voye Mwen an, genyen lavi etènèl, epi pa p vini nan jijman, men li gen tan kite lanmò, pou antre nan lavi.


Akoz sa a, Jésus te rele fò nan tanp lan e te enstwi e te di: “Nou non sèlman konnen Mwen e kote Mwen sòti. Mwen pa t vini pou kont Mwen, men Li menm ki te voye M nan vrè. Li menm ke nou pa konnen an.


ki pa Li menm kwè nan Bondye ki te leve Li nan lanmò e te bay Li glwa, pou lafwa ak esperans nou ta kapab nan Bondye.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite