Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jan 12:36 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

36 Pandan nou gen limyè a, kwè nan limyè a pou nou kapab vini fis a limyè a.” Bagay sa yo Jésus te pale, epi Li ale kache kò Li pou yo pa jwenn Li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

36 Mete konfyans nou nan limyè a pandan nou genyen l lan, pou nou kapab moun limyè a. Apre li fin di yo pawòl sa yo, Jezi wete kò l, l'al kache byen lwen.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

36 Pandan nou genyen limyè a, se pou n kwè nan limyè a, kon sa nou va tounen pitit limyè.” Apre Jezi fin pale kon sa ak yo, li pati l al kache.

Gade chapit la Kopi




Jan 12:36
17 Referans Kwoze  

“Leve, briye; paske limyè ou fin parèt e glwa a SENYÈ a fin leve sou ou.


Li te kite yo, e sòti pou ale nan vil Béthanie pou pase nwit lan.


“Nou se limyè lemonn; yon vil ki plase sou tèt yon mòn pa kapab kache.


“Konsa, mèt la te fè konpliman a jeran enjis la, paske li te aji avèk yon koken sajès. Paske fis a laj sila yo pi koken nan relasyon a moun parèy yo pase fis a limyè yo.


Li te vini kon yon temwen, pou li ta kapab fè temwen a limyè a, pou tout moun ta kapab kwè akoz li menm.


Pou sa, Jésus pa t ankò mache an piblik pami Jwif yo, men te kite la pou ale nan peyi toupre dezè a, nan yon vil yo rele Éphraïm. Li te rete la avèk disip Li yo.


Men malgre ke Li te fè tout sign sa yo devan yo, toujou yo pa t kwè nan Li.


Mwen te vini kon yon limyè nan mond lan, pou tout moun ki kwè nan Mwen pa rete nan tenèb.


Men sila ki aji nan verite a, ap vini vè limyè a, pou zèv li yo kapab parèt kon zèv ki te fèt pa Bondye.”


Ankò Jésus te pale avèk yo e te di: “Mwen se limyè a lemonn. Sila a ki swiv Mwen p ap mache nan tenèb, men l ap gen limyè lavi a.”


Konsa, yo pran wòch pou lapide Li, men Li te kache kò Li, e te kite tanp la.


Paske avan sa nou te tenèb, men koulye a nou se Limyè nan Senyè a. Mache tankou pitit a Limyè.


Paske nou tout se fis a limyè e fis lajounen an. Nou pa apatyen a lannwit ni a tenèb.


Men paske nou apatyen a lajounen, annou rete rezoli. Annou fin mete sou nou pwotèj lestomak lafwa ak lanmou an, e kòm kas, lesperans sali a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite