Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jan 12:32 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

32 E Mwen, si Mwen gen tan leve wo anwo tè a, va atire tout moun kote Mwen menm.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

32 Men mwen menm, lè y'a leve m anlè sou tè a, mwen gen pou m rale tout moun vin jwenn mwen.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

32 Epi mwen menm, lè yo va leve m anwo tè a, m ap rale tout moun vin jwenn mwen.”

Gade chapit la Kopi




Jan 12:32
23 Referans Kwoze  

Alò, Absalom te vin rankontre sèvitè a David yo. Paske Absalom te monte sou milèt li e milèt la te antre anba gwo branch a yon gwo bwadchenn. Epi tèt li te kole rèd nan chenn nan e li te vin kwoke antre syèl avèk tè a, pandan milèt la anba li t ap kontinye ale.


Rale m dèyè ou e annou kouri ansanm! Wa a mennen m nan chanm li yo. “Nou va rejwi nan ou e fè kè kontan; nou va leve lanmou ou wo plis pase diven. Ak bon rezon, yo renmen ou konsa.”


Nan jou sa a, nasyon yo va retounen vè rasin a Jessé a, ki va kanpe tankou yon sinyal pou pèp la. Epi plas repo Li a va ranpli ak laglwa.


Li di: “Se yon bagay twò piti pou ou ta Sèvitè Mwen, pou leve fè monte tout tribi Jacob yo, e restore retay Israël la. Konsa anplis, Mwen va fè Ou yon limyè a nasyon yo, pou sali Mwen ka rive jis nan dènye pwent latè.”


Mwen te mennen yo ak kòd a yon nonm, ak lyann lanmou. Konsa, Mwen te vini pou yo kon sila ki retire jouk la sòti nan kou yo. Mwen te bese mete manje devan yo.


Moïse te fè yon sèpan an bwonz e li te mete li sou poto a. Epi li te vin rive ke si yon sèpan te mòde nenpòt moun, lè li te gade vè sèpan an bwonz lan, li te viv.


Li te vini kon yon temwen, pou li ta kapab fè temwen a limyè a, pou tout moun ta kapab kwè akoz li menm.


Pou sa, foul la te reponn Li: “Nou te tande nan Lalwa ke Kris la ap la jis pou jamen. E kijan ou kapab di: ‘Fis a Lòm nan oblije leve wo?’ Kilès Fis a Lòm sila a?”


Pou pawòl ke Jésus te pale a ta kapab akonpli, ki te montre ki kalite mò Li t ap mouri.


Li te soti e t ap pote pwòp kwa Li vè plas ke yo rele Plas a Zo Tèt Mò a, ke nan lang Ebre yo rele Golgotha.


“Menm jan Moïse te leve sèpan an nan dezè a, konsa fòk Fis a Lòm nan vin leve wo,


Pèsòn pa kapab vini a Mwen menm sof ke Papa a ki te voye M nan atire li, epi Mwen menm va fè l leve nan dènye jou a.


Pou sa, Jésus te di yo: “Lè nou leve Fis a Lòm nan, nou va konnen ke Mwen menm se Li menm, e ke M pa fè anyen pou kont Mwen, men Mwen pale bagay sa yo tankou Papa a te enstwi Mwen.


Kris te delivre nou de madichon Lalwa a, akoz Li te devni yon madichon pou nou—paske sa ekri: “Modi se tout moun ki pann sou yon bwa.”


ki te bay tèt li kòm ranson pou tout moun, temwayaj ke Li te bay nan pwòp lè li a.


Men nou wè Li, Jésus, ki te fèt pou yon ti tan pi ba pase zanj yo, ki, akoz soufrans lanmò a, vin kouwone avèk glwa ak lonè, ke konsa pa lagras Bondye, Li ta kapab goute lanmò pou tout moun.


Epi Li menm te pote peche nou yo nan Kò Li sou kwa a, pou nou ta kapab mouri ak peche pou viv ak ladwati. Paske ak blesi Li yo, nou te geri.


Paske Kris osi te mouri pou peche yo yon fwa pou tout, Li menm ki te jis pou enjis yo, pou Li ta kapab mennen nou kote Bondye, deja mò nan lachè, men fèt vivan nan lespri a.


Se Li menm ki sakrifis ekspiyatwa a pou peche nou yo, non sèlman pou nou, men pou tout lemonn lan.


Epi yo te chante yon chan tounèf. Yo te di: “Dign se Ou menm pou pran liv la, e kase so li yo. Paske Ou te touye, e Ou te achte pou Bondye avèk san Ou; lèzòm de tout tribi, lang, pèp, ak nasyon.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite