Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jan 12:23 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

23 Jésus te reponn yo e te di: “Lè a rive pou Fis a Lòm nan kapab resevwa glwa.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

23 Jezi reponn yo: — Kounyeya, lè a rive pou Moun Bondye voye nan lachè a resevwa lwanj ki pou li a.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

23 Men, Jezi reponn yo konsa: “Moman an rive pou Pitit Lòm nan resevwa glwa li.

Gade chapit la Kopi




Jan 12:23
16 Referans Kwoze  

Gade byen, ou va rele yon nasyon ou pa rekonèt; yon nasyon ki pa rekonèt ou va kouri bò kote ou, akoz SENYÈ Bondye ou a, ak Sila Ki Sen an Israël la; paske Li te bay ou glwa.”


Anverite, peyi kot yo va tann Mwen; gwo bato Tarsis yo va vini premyèman pou mennen fis ou yo soti lwen; ajan ak lò yo avèk yo, pou non SENYÈ Bondye ou a e pou Sila Ki Sen an Israël la, akoz Li te bay ou glwa.


“Men lè Fis a Lòm nan vini nan tout glwa Li avèk tout zanj Li yo, Li va chita sou twòn glwa pa Li a.


Apre Li te vin kote disip Li yo. Li te mande yo: “Èske nou toujou ap dòmi epi pran repo nou? Gade, lè a rive. Fis a Lòm nan ap livre nan men pechè yo.


Li te ale yon ti kras pi devan, te tonbe atè e te kòmanse priye pou, si se te posib, pou lè sa a ta kapab pase de Li.


Li te vini yon twazyèm fwa e te di yo: “ Dòmi toujou e pran repo nou. Sa sifi. Lè a fin rive. Gade, Fis a Lòm nan ap trayi pou rive nan men pechè yo.


Nan kòmansman, disip Li yo pa t konprann bagay sa yo, men lè Jésus te resevwa glwa, Yo sonje ke yo te ekri sou Li e ke yo te fè L bagay sa yo.


“Koulye a nanm Mwen vin twouble. Epi kisa M ap di: ‘Papa, sove M de lè sa a’? Men se pou rezon sa a ke M te rive nan lè sa a.


Alò, avan Fèt Pak Jwif la, Jésus te byen okouran ke lè Li te rive epi ke Li t ap kite mond sa a pou ale kote Papa a. Konsa Li te renmen moun pa Li yo ki te nan lemonn. Li te renmen yo jiska lafen.


Men sa, Li te pale konsènan Lespri a, ke sa ki te kwè nan Li yo ta resevwa. Paske Lespri a poko te parèt, akoz Jésus poko te vini nan glwa Li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite