Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Galat 1:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Jan nou te di nou avan an, donk mwen di nou koulye a ankò, si yon moun ap preche nou yon levanjil ki kontrè de sila nou te resevwa a, li dwe madichonnen.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

9 Mwen deja di nou sa, m'ap repete nou sa ankò: Si yon moun vin anonse nou yon levanjil ki diferan ak levanjil nou te resevwa a, se pou madichon tonbe sou li!

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

9 Nou te di nou sa deja, kounye a m ap repete l ankò: si nenpòt moun preche nou yon levanjil ki depaman ak sa nou te resevwa a, se pou malediksyon Bondye tonbe sou li.

Gade chapit la Kopi




Galat 1:9
13 Referans Kwoze  

Pa ogmante sou pawòl Li yo, oswa Li va repwoche ou e ou va fè prèv ke se yon mantè ou ye.


Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Pa koute pawòl a pwofèt k ap fè pwofesi devan nou yo. Y ap mennen nou nan bagay ki pou ryen. Yo pale yon vizyon ki sòti nan pwòp imajinasyon pa yo, men pa nan bouch SENYÈ a.


Lè l te fin pase kèk tan la, li te sòti e te travèse youn apre lòt, nan rejyon a Galatie a ak Phrygie kote li te ranfòse tout disip yo.


Koulye a, frè mwen yo, mwen ankouraje nou pou toujou veye sou sila k ap koze e fè blokis ki kontrè a enstriksyon nou te resevwa a. Vire do nou ba yo menm.


Paske mwen te kab vle ke se mwen menm ki te kondane, separe de Kris pou lanmou frè m yo, fanmi mwen, selon lachè.


Konsa, èske m te varye lè m te fè nou konnen entansyon sa a? Oswa sa ke m te propoze a, èske m te propoze li selon lachè? Konsa, li ta sanble wi e non ansanm k ap di nan menm lè a?


“Nenpòt sa ke m kòmande nou , se sa a pou nou fè. Nou p ap ni mete sou li, ni retire ladan l.


Nou p ap mete yon mo sou sa ke mwen ap kòmande nou an ni retire nan li; pou nou kapab kenbe kòmandman a SENYÈ a, Bondye nou an, ke mwen te kòmande nou yo.


Finalman, frè m yo rejwi nou nan Senyè a! Pou m ekri menm bagay yo ankò pa yon pwoblèm pou mwen, e se yon pwotèj pou nou menm.


Toujou rejwi nou nan Senyè a! E ankò mwen va di l, rejwi nou!


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite