Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Filipyen 1:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

18 Alò, kisa? Sèlman nan chak ka, kit se nan pretèks kit se nan verite, Kris la pwoklame. E se nan sa mwen rejwi mwen. Wi, mwen va rejwi mwen.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

18 Men, sa pa fè m anyen. Kit yo gen bon lide, kit yo gen move lide, tout jan se Kris la y'ap fè konnen. Epi sa fè kè m kontan. M'ap pi kontan toujou,

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

18 Men sa sa fè? Kit yo sensè kit yo pa sensè, sa ki pi enpòtan an se pale y ap pale moun de Jezi. Sa fè kè m kontan. Epi sa ap kontinye fè kè m kontan.

Gade chapit la Kopi




Filipyen 1:18
13 Referans Kwoze  

“Men malè a nou menm Skrib yo avèk Farizyen yo! Ipokrit nou ye! Paske nou devore kay vèv yo menm lè nou pretann n ap fè lapriyè long; pou sa, nou ap resevwa yon pi gwo kondanasyon.


ki devore kay vèv yo, e pou parèt byen, yo fè gwo priyè. Sila yo ap resevwa yon pi gwo kondanasyon.”


Men yo pa t konprann pawòl sila a, e sans li te kache a yo menm pou yo pa t kab konprann li. Yo te pè kesyone L sou pawòl sa a.


Men Jésus te di l: “Pa anpeche lipaske sila ki pa kont nou an pou nou.”


Kisa answit? Èske nou pi bon pase yo? Paditou! Paske nou deja di ke ni Jwif ni Grèk, toude koupab anba peche.


Kisa Ankò? Èske n ap fè peche paske nou pa anba Lalwa, men anba gras? Ke sa pa janm fèt!


Kisa mwen vle di konsa? Ke yon bagay ki te sakrifye a zidòl se yon bagay, oswa ke yon zidòl se yon bagay?


Ki konklizyon alò? Ke mwen va priye avèk lespri a, e mwen va priye avèk entèlijans la osi. Mwen va chante avèk lespri a, e mwen va chante avèk entèlijans la osi.


Alò, kit se te pa mwen, kit se te pa yo, konsa nou te preche, epi konsa nou tout te kwè.


Paske mwen konnen ke sa va sèvi pou delivrans mwen atravè lapriyè nou yo, ak pwovizyon Lespri Jésus Kri a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite