Estè 1:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen19 “Si sa fè wa a kontan, kite yon dekrè wayal sòti nan li, e kite li ekri nan lalwa a Perse avèk Médie a, pou l pa kab ranvèse, ke Vasthi p ap kab ankò antre nan prezans a Wa Assuérus la. E konsa, kite wa a bay pozisyon wayal pa li a yon lòt moun ki pi merite l pase li. Gade chapit la1998 Haïtienne19 Si wa a dakò, se pou l fè yon deklarasyon pou l fè tout moun konnen larenn Vachti pa janm gendwa parèt devan l ankò. Li pral chwazi yon lòt madanm pi bon pase l mete larenn nan plas li. Lèfini, l'a fè ekri lòd sa a nan liv lalwa peyi Pès ak peyi Medi a, pou yo pa janm chanje l. Gade chapit laNouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil19 Alò, si sa fè wa a plèzi, men sa m pwopoze. Se pou w pran yon dekrè wayal pou ajoute yon lwa ki p ap ka chanje, nan liv lalwa Mèd ak Pès yo. Men sa pou lwa sa di: Rèn Vasti pa dwe janm prezante devan wa Asyeris ankò. Lè sa a, wa a va chwazi yon lòt rèn ki pi diy pou ranplase rèn Vasti. Gade chapit la |