Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Esdras 7:25 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

25 Ou menm, Esdras, selon sajès a Bondye ki nan men ou a, chwazi majistra yo avèk jij yo pou yo kab jije tout moun ki nan pwovens lòtbò rivyè a, menm tout sila ki konnen lalwa a Bondye pa ou a; epi ou kapab enstwi nenpòt moun ki manke konprann.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

25 Ou menm menm, Esdras, avèk bon konprann Bondye ba ou a, w'a chwazi majistra ak jij pou gouvènen tout moun pèp Izrayèl yo k'ap viv dapre lalwa Bondye ou la, nan pwovens lòt bò larivyè Lefrat la. Si genyen ki pa konnen lalwa a, se pou ou fè yo aprann li.

Gade chapit la Kopi




Esdras 7:25
30 Referans Kwoze  

Alò, Farawon te di a sèvitè li yo: “Èske nou kapab twouve yon lòt moun konsa, nan sila a ki gen Lespri Bondye?”


Epi Farawon te di a Joseph: “Akoz Bondye te fè ou konprann tout sa, nanpwen okenn lòt moun ki gen konprann ak sajès tankou ou menm.


Lè tout Israël te tande koze a jijman sa a ke wa a te lonje bay, yo te krent wa a. Paske yo te wè ke sajès Bondye te nan li pou administre jistis la.


Alò, wa Assyrie a te fè kòmand e te di: “Mennen la youn nan prèt ke ou te pote an egzil yo e kite li ale viv la. Epi kite li enstwi yo koutim a dye peyi a.”


Sèlman ke SENYÈ a ta kapab bay ou sajès avèk konprann pou fè ou renye sou Israël, pou ou kapab kenbe lalwa a SENYÈ a, Bondye ou a.


Nan sila yo, venn-kat-mil te pou sipèvize lèv lakay SENYÈ a, si-mil te ofisye avèk jij,


Leve! Paske se ou menm ki responsab afè sila a, men nou va avèk nou. Pran kouraj e aji.”


Alò, pou sa, Thathnaï, ou menm, gouvènè pwovens lòtbò rivyè a, Schethar-Boznaï avèk kòlèg parèy ou yo, ofisyèl nan pwovens lòtbò rivyè yo, rete lwen de la.


Paske Esdras te dedye kè li pou etidye lalwa SENYÈ a, pou pratike li, pou enstwi règleman pa Li yo ak òdonans Li yo an Israël.


Akoz ke ou voye pa wa a avèk sèt konseye li yo, pou mande konsèy sou Juda ak Jérusalem, selon lalwa Bondye pa ou a, ki nan men ou a,


Pandan yo te kanpe nan plas yo, yo te li soti nan liv lalwa SENYÈ a, Bondye pa yo a, pou yon ka de jounen an. Pou yon lòt ka, yo te konfese e te adore SENYÈ a, Bondye pa yo a.


Lalwa SENYÈ a pafè Li rekonfòte nanm. Temwayaj SENYÈ a vrè, k ap fè saj yo senp.


Paske, SENYÈ a bay sajès. Nan bouch Li, soti konesans ak bon konprann.


Paske kòmandman an se yon lanp, e enstriksyon li se limyè. Konsa, repwòch ki disipline a se chemen lavi a


Paske lèv a yon prèt dwe gade konesans, e moun ta dwe chache lalwa soti nan bouch li. Paske li se mesaje a SENYÈ dèzame yo.


Epi Jésus te di yo: “Konsa, chak skrib ki vini yon disip a wayòm nan se tankou yon mèt kay ki fè vin parèt nan trezò li sa ki nèf ak sa ki vye.”


Lè Jésus te rive atè, Li te wè yon gwo foul. Konsa, Li te gen konpasyon pou yo paske yo te tankou mouton san gadò. Li te kòmanse enstwi yo anpil bagay.


“Nou va chwazi pou nou menm jij avèk ofisye nan tout vil ke SENYÈ, Bondye nou an, ap bannou yo, selon tribi yo, e yo va jije pèp la avèk jijman ki dwat.


Konsa nou pwoklame Li ak egzòtasyon chak moun, e enstwi chak moun ak tout sajès, pou nou kapab prezante chak moun konplè an Kris Jésus.


Men si nenpòt nan nou manke sajès, kite li mande Bondye, ki bay tout moun avèk jenewozite e san repwòch, e Bondye va bay li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite