Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Eklezyas 8:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Si pa gen pèsòn ki konnen ki sa k ap vin rive, se kilès ki ka di li kilè li va rive.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Pèsonn pa konnen sa ki pral rive. Epi pa gen pèsonn ki ka di nou sa ki pral rive.

Gade chapit la Kopi




Eklezyas 8:7
14 Referans Kwoze  

Anplis, Haman te di: “Menm Esther, rèn nan pa t kite lòt moun sof ke mwen menm vini avèk wa a nan bankè ke li te prepare a; epi demen, ankò, mwen envite pa li menm avèk wa a.


paske, malè yo va leve vit. Kilès ki konnen destriksyon an k ap sòti nan yo de a.


Pa vin ògeye sou bagay demen, paske ou pa konnen kisa yon jou ka pote.


Yon nonm ki fè tèt di apre anpil repwòch va vin kraze sibitman san remèd.


Malgre tout sa, moun ensanse a ogmante pawòl li yo. Pèsòn pa konnen sa ki va rive, e kilès kab di li sa ki va rive apre li.


Mwen te wè ke nanpwen anyen ki pi bon pou lòm ta fè pase fè kè kontan nan tout sa li fè, paske se konsa sò a tonbe pou li. Paske se kilès ki ka fè l wè sa ki va vin rive apre li?


Paske kilès ki konnen sa ki bon pou yon nonm pandan lavi li, pandan ti kras ane lavi li ki san rezon an? Li va pase yo tankou lonbraj. Paske se kilès ki ka di sa k ap rive apre li anba solèy la?


Nan jou bonè yo fè kè kontan; men nan jou malè yo, reflechi—Bondye te fè tou de pou lòm pa dekouvri anyen nan sa k ap swiv li.


Paske, tout sa mwen te pote kon fado nan kè m pou eksplike li; ke moun dwat yo, moun saj yo, avèk tout zèv yo nan men Bondye. Lòm pa konnen si se lanmou, oswa rayisman; nenpòt bagay kapab tann li.


Anplis, lòm pa konnen lè li tankou pwason ki kenbe nan yon filè mechan an, o zwazo ki kenbe nan pèlen an. Se konsa fis a lòm yo sezi nan yon move moman. Epi lanmò an tonbe sou yo sibitman.


Pou rezon sa a, fòk nou menm, nou byen prepare tou. Paske Fis a Lòm nan ap vini nan yon lè ke nou pa sipoze.


mèt a esklav sa a ap vini nan yon jou ke li pa t panse, e nan yon lè ke li pa t konnen,


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite