Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Eklezyas 6:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Paske, se ki lavantaj yon nonm saj genyen sou yon moun san konprann? Ki lavantaj malere a genyen nan konnen jan pou mache devan sila ki vivan yo?

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Kisa yon nonm ki gen lespri gen pase yon nonm sòt? Kisa sa rapòte yon pòv malere lè li konnen jan pou l debat ak lavi a?

Gade chapit la Kopi




Eklezyas 6:8
9 Referans Kwoze  

Alò, lè Abram te gen laj katre-ven-sèz ane, SENYÈ a te parèt a Abram. Li te di li: “Mwen menm se Bondye Toupwisan an. Mache devan mwen, e rete san fot.


Mwen va prete atansyon a chemen san repwòch la. Kilè Ou va vini kote mwen? Mwen va mache anndan lakay mwen ak entegrite nan kè m.


Mwen va mache devan SENYÈ a nan peyi moun vivan an.


Pi bon se yon malere ki mache ak entegrite pase sila ak bouch konwonpi ki ensanse a.


Lè bon bagay ogmante, sila ki manje yo ogmante. Konsa, pa gen lòt avantaj pou mèt yo, sof ke kanpe veye?


Sa ke zye wè pi bon pase sa ke nanm dezire. Sa tou, se san rezon ak kouri dèyè van.


Yo te toude jis devan zye Bondye. Yo te mache san fot nan tout kòmandman ak devwa Senyè a.


Enstwi sila ki rich nan mond sa yo pou pa vin ògeye ni plase espwa yo nan richès ki pa sèten, men nan Bondye ki founi nou an abondans tout bagay nou bezwen pou fè nou kontan.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite