9 Ki avantaj ouvriye a genyen nan tout efò ke li fè yo?
9 Kisa yon nonm jwenn nan travay li?
Nan tout travay gen pwofi; men pale anpil mennen nan povrete.
Ki avantaj yon nonm gen nan tout travay ke li fè anba solèy la?
Konsa, mwen te konsidere tout zèv men m te konn fè yo, avèk travay ke m te fòse fè yo, men gade byen, tout te vanite ak kouri dèyè van, e pa t gen okenn avantaj anba solèy la.
Sa anplis se yon gwo malè—menm jan yon nonm fèt la, se konsa l ap mouri. Alò, kote avantaj pou sila k ap travay di nan van an?
Paske ki pwofi yon nonm ap twouve si li vin genyen tout lemonn, men li pèdi pwòp nanm li? Kisa yon nonm ap bay an echanj pou nanm li?
Pou nou osi vin soumèt a kalite moun sa yo e a tout moun ki ede nan zèv ak travay la.