Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Eklezyas 2:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Anplis, mwen te ranmase ajan ak lò pou pwòp tèt mwen ansanm ak trezò a wa yo ak pwovens pa yo. Mwen te founi pou pwòp tèt mwen chantè, ni mal, ni femèl, e tout plezi a lòm yo—anpil konkibin.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Mwen antipile anpil bagay fèt ak ajan ak lò lakay mwen, ak lòt richès chèf k'ap dirije nan pwovens yo. Mwen te gen moun pou chante pou mwen, fi kou gason. Mete sou sa, bagay gason pi renmen an, mwen te gen fanm mezi mwen te bezwen.

Gade chapit la Kopi




Eklezyas 2:8
21 Referans Kwoze  

Mwen menm, koulye a, mwen nan katre-ventan daj. Èske mwen kapab distenge antre sa ki bon ak sa ki mal? Oswa èske sèvitè ou a kapab goute sa ke m manje, oswa sa ke m bwè? Oswa èske mwen kapab ankò tande vwa lè gason ak fi ap chante? Alò, poukisa sèvitè ou ta dwe devni yon chaj anplis a mèt mwen an, wa a?


Li te bay wa a san-ven talan lò, yon gran kantite epis avèk pyè presye. Fòs kantite epis sa a tankou sa ke rèn Séba a te bay a Wa Salomon an pa t janm antre ankò.


Alò, pwa lò a ki te antre pou Salomon nan yon ane se te sis-san-swasann-sis talan lò,


Tout veso a Wa Salomon pou bwè yo te fèt an lò. Tout veso nan kay Forè a Liban yo te an lò pi. Nanpwen ki te an ajan. Sa pa t konsidere kòm bagay chè nan jou a Salomon yo.


Li te gen sèt-san prensès kòm madanm, twa-san ti mennaj e madanm li yo te vire kè li lwen.


Pou sa, Wa Roboam te fè boukliye an bwonz nan plas yo e te fè kòmandan a gad ki te veye pòtay kay la wa a responsab sou yo.


Epi Hiram te voye a wa a san ven talan lò.


Yo te ale Ophir, yo te pran kat-san-ven talan an lò soti la e yo te pote bay Wa Salomon.


Anplis, David avèk kòmandan lame yo te mete apa pou sèvis kèk nan fis a Asaph yo, Héman ak Jeduthun pou pwofetize avèk gita yo, ap ak senbal; epi fòs kantite moun ki te fè sèvis pa yo se te:


Tout te anba direksyon a papa yo pou chante lakay SENYÈ a, avèk senbal, ap ak gita yo, pou sèvis kay Bondye a. Asaph, Jeduthun avèk Héman te anba direksyon wa a.


Avèk bwa sandal yo, wa a te fè eskalye pou kay SENYÈ a ak pou palè wa a ak gita, avèk ap pou chantè yo. Epi nanpwen bagay konsa ki te konn wè avan nan peyi Juda.


anplis, sèvitè gason ak fanm pa yo ki te kontwole nan sèt-mil-twa-san-trann-sèt; epi yo te gen de-san chantè, ni gason ni fanm.


“Vanite sou vanite”, predikatè la di: “Vanite sou vanite! Tout se vanite.”


Alò, si nou pare, nan moman nou tande son a twonpèt la, flit la, bandyo a, saltiyon an, gita a, kònmiz lan, ak tout lòt kalite enstriman mizik yo, pou nou pwostène e adore imaj ke mwen te fè a, se byen. Men, si nou pa adore, nou va byen vit jete nan yon founo dife byen cho. Epi ki dye ki genyen ki kapab delivre nou sòti nan men mwen?”


ke nan moman ke nou tande son a twonpèt la, flit la, bandyo a, saltiyon an, gita a, kònmiz lan, ak tout lòt kalite enstriman mizik yo, nou va pwostène nou pou adore imaj an lò ke Nebucadnetsar, wa a, te fè monte a.


Pou sa, lè tout pèp yo te tande son a twonpèt la, flit la, bandyo a, saltiyon an, gita a, kònmiz lan, ak tout lòt kalite enstriman mizik yo, tout pèp yo, nasyon yo ak langaj yo te pwostène e te adore imaj an lò ke Nebucadnetsar, wa a, te fè monte a.


sila ki enpwovize ak son ap la, ki envante lenstriman mizik yo menm jan ak David;


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite