Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Eklezyas 12:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Lè pòt vè lari yo vin fèmen akoz bri moulen an vin ba, e yon moun va leve ak son zwazo a, epi tout fi chanson yo va rete ba.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 De twou zòrèy ou yo ap bouche, ou p'ap tande sa k'ap pase nan lari. Ata gwo bri moulen ki toupre ou la, w'a tande l tou piti piti. Moun te mèt ap chante bò kote ou, w'ap tande vwa yo lwen lwen. Lè sa a, depi pipirit konmanse chante, nou gentan leve.

Gade chapit la Kopi




Eklezyas 12:4
5 Referans Kwoze  

Mwen menm, koulye a, mwen nan katre-ventan daj. Èske mwen kapab distenge antre sa ki bon ak sa ki mal? Oswa èske sèvitè ou a kapab goute sa ke m manje, oswa sa ke m bwè? Oswa èske mwen kapab ankò tande vwa lè gason ak fi ap chante? Alò, poukisa sèvitè ou ta dwe devni yon chaj anplis a mèt mwen an, wa a?


Kilès ki kab ouvri pòt figi li? Gwo laperèz antoure dan l.


Pran yon wòch moulen pou moulen farin. Retire vwal ou leve jip la wo, dekouvri janm yo. Travèse rivyè yo.


Anplis, Mwen va retire sou yo vwa ki plen ak lajwa a, e vwa a kè kontan an, vwa a jennonm ki fenk marye, vwa a jenn fi marye a, son a wòch moulen yo ak limyè a lanp lan.


Konsa, son sila k ap jwe ap yo, mizisyen yo, sila k ap jwe flit ak twonpèt yo p ap tande nan ou ankò. P ap ankò gen moun okenn metye k ap twouve nan ou ankò. Ni bri moulen an p ap tande nan ou.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite