Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Eklezyas 1:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Nanpwen memwa a ansyen bagay yo, ni anplis a sila k ap vini pita, pami sila ki vini apre yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 Pèsonn pa sonje sa ki te pase nan tan lontan. Konsa tou pita, pesonn p'ap sonje sa k'ap pase koulyeya.

Gade chapit la Kopi




Eklezyas 1:11
7 Referans Kwoze  

Lènmi an te rive a nan fen, e li te kraze nèt. Ou te dechouke vil yo, jiskaske memwa a yo vin disparèt.


Èske gen yon bagay sou sila a nou ta kab di: “Men sa a nèf”? Deja, li te la depi syèk ki te ekoule avan nou yo.


Paske nanpwen okenn memwa k ap sonje nonm saj la, menm jan pou ensanse a, akoz nan tout jou k ap vini yo, tout moun va bliye yo nèt. Epi konsa, nonm saj la ak ensanse a mouri tou de!


Konsa, mwen konn wè mechan yo antere, menm sila ki te konn antre sòti nan lye sen yo, e ase vit yo vin bliye nèt nan menm vil kote yo te aji konsa a. Sa tou, se vanite.


Paske vivan yo konnen ke y ap mouri; men mò yo pa konnen anyen; ni yo pa jwenn rekonpans ankò, paske memwa yo fin bliye nèt.


Gade byen, ansyen bagay yo te fin akonpli; koulye a, Mwen deklare bagay nèf yo. Avan yo leve vin parèt, Mwen pwoklame yo a nou menm.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite