Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 6:27 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

27 Se te menm sa yo ki te pale avèk Farawon, wa Égypte la, pou fè yo mennen fis Israël yo sòti an Égypte. Se te menm Moïse avèk Aaron sa a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

27 Se yo menm tou ki te al di farawon an, wa Lejip la, pou l fè pèp Izrayèl la sòti kite Lejip. Wi, se Arawon sa a avèk Moyiz sa a ki te fè tou sa.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 6:27
12 Referans Kwoze  

Li te voye Moïse, sèvitè Li a, avèk Aaron ke Li te chwazi.


Ou te dirije pèp Ou a tankou yon bann, pa men Moïse avèk Aaron.


Alò SENYÈ a te pale ak Moïse e te di: “Desann koulye a, paske pèp ou a, ke ou te mennen monte nan peyi Égypte la, gen tan vin konwonpi.


Alò SENYÈ a te pale ak Moïse: “Pati, ale monte soti isit la, ou menm avèk pèp ke ou te mennen monte sòti nan peyi Égypte la, vè yon peyi ke Mwen te sèmante a Abraham, Issac, e a Jacob lè M te di yo: ‘A desandan nou yo Mwen va bay li.’


Konsa, SENYÈ a te pale a Moïse avèk Aaron. Li te bay yo yon lòd pou fis Israël yo ak pou Farawon, wa Égypte la pou mennen fis Israël yo sòti nan peyi Égypte la.


Se tout sa yo ke Senyè te pale lè l te di Aaron avèk Moïse: “Mennen fis Israël yo deyò nan peyi Égypte la selon chèf lame pa yo.”


Alò li te vin rive nan jou ke SENYÈ a te pale ak Moïse nan peyi Égypte la,


Alò, Moïse avèk Aaron te vin vè Farawon, epi konsa yo te fè jis jan ke SENYÈ a te kòmande yo a. Aaron te jete baton li an atè devan Farawon avèk sèvitè li yo, epi li te devni yon sèpan.


Anverite Mwen te mennen nou monte soti nan peyi Égypte. Mwen te rachte ou soti nan kay esklavaj la. Mwen te voye devan ou Moïse, Aaron ak Marie.”


“‘Epi Mwen te voye Moïse avèk Aaron pou te toumante Égypte pa sa Mwen te fè nan mitan li yo. Epi apre, Mwen te mennen nou sòti.


Epi Samuel te di a pèp la: “Li se SENYÈ a ki te chwazi Moïse avèk Aaron, e ki te mennen zansèt nou yo monte soti nan peyi Égypte la.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite