Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 5:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 Yo te di yo: “Ke Bondye kapab gade sa nou fè a, e jije nou, paske nou te fè nou vin rayisab devan zye Farawon, e devan zye tout sèvitè li yo. Konsa nou mete yon nepe nan men yo pou yo kab touye nou.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

21 Yo di yo: — Se pou Senyè a wè sa nou fè la a. Se pou l pini nou. Paske se nou menm ki lakòz ni farawon an ni moun k'ap sèvi l yo pa vle wè pèp Izrayèl la. Nou mete yon nepe nan men yo pou yo fini ak pèp la.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 5:21
19 Referans Kwoze  

Konsa, Saraï te di Abram: “Se ou ki gen tò nan bagay sa a. Mwen te bay sèvant mwen an pou li antre nan bra ou, e lè l te wè ke li te vin ansent, mwen te vin meprize nan zye li. Ke SENYÈ a jije antre ou menm avèk mwen.”


Bondye Abraham nan ak Bondye Nachor a, Bondye a papa pa yo a, vin jij antre nou menm.” Konsa Jacob te sèmante pa krent a papa l, Isaac.


Alò Jacob te di a Siméon avèk Lévi: “Nou vin pote pwoblèm pou mwen akoz ke nou fè m vin rayi pa abitan peyi yo, pami Kananeyen avèk Ferezyen yo. Epi akoz ke gason nou yo pa anpil, yo va rasanble kont mwen, pou atake mwen, e mwen va vin detwi, mwen menm avèk tout lakay mwen.”


Alò, lè fis a Ammon yo te wè ke yo te vin rayisab devan David, fis a Ammon yo te voye anplwaye Siryen yo Beth-Rehob e Siryen yo a Tsoba, ven-mil sòlda a pye, wa Macca avèk mil lòm e mesye a Tob yo avèk douz-mil lòm.


Lè fis a Ammon yo te wè ke yo te fè tèt yo rayisab a David, Hanun avèk fis a Ammon yo te voye mil talan ajan Mésopotamie pou achte sèvis a cha avèk chevalye Siryen ki te sòti nan Maaca avèk Tsoba.


Alò yo te di a Moïse: “Èske se paske pa gen tonm an Égypte ke ou mennen nou pati pou mouri nan dezè a? Poukisa ou te aji avèk nou konsa, pou fè nou sòti an Égypte?


Alò, pèp la te plenyen kont Moïse. Yo te di: “Kisa n ap bwè?”


Konsa, tout asanble fis Israël yo te plenyen kont Moïse avèk Aaron nan dezè a.


Alò pèp la te vin kwè, lè yo te tande ke SENYÈ a te gen kè pou fis Israël yo, e ke Li te vin wè afliksyon yo. Yo te bese ba, pou te adore Li.


Lè yo te kite prezans Farawon, yo te rankontre Moïse avèk Aaron paske yo t ap tann yo.


Alò Moïse te pale konsa avèk fis Israël yo, men yo pa t koute Moïse akoz dekourajman avèk esklavaj di a.


Mouch mouri bay lwil pafen yon move odè; Se konsa yon ti kras foli gen pouvwa pou depase sajès ak respè.


Pwofesi konsènan bèt nan dezè Midi yo. Atravè yon peyi gwo twoub ak gwo doulè, ladan ki sòti manman lyon ak lyon an, vipè ak sèpan volan an; yo pote gwo kantite byen yo sou do jenn bourik, e trezò yo sou do chamo, pou rive kote yon pèp ki pa kapab bay yo okenn avantaj.


Men Lame nò a, Mwen va retire li ale lwen nou, Mwen va pouse li ale nan yon peyi sèk e dezole. Tèt devan lame a, Mwen va lage nan lanmè lès la; pwent dèyè a, nan lanmè lwès la. Konsa, sant pouriti li a va vin leve. Movèz odè li va vin monte, paske se gwo bagay li te konn fè.”


Vrèman, tout mesye ki te wè glwa Mwen ak sign Mwen te fè an Égypte ak nan dezè a, malgre sa, yo vin pase Mwen a leprèv pandan menm dis fwa sa yo, e yo pa t koute vwa M.


Poukisa SENYÈ a ap mennen nou nan peyi sa a, pou tonbe anba nepe? Madanm nou yo avèk pitit nou yo va devni piyay. Èske li pa t ap pi bon pou nou pou retounen an Égypte?”


Tout Israël te tande nouvèl ke Saül te frape post a Filisten yo, e osi ke Israël te vin rayisab a Filisten yo. Konsa pèp la te resevwa lòd pou rasanble Guilgal.


Konsa, Akisch te kwè David, Li te di: “Anverite, li vin fè tèt li rayisab pami pèp Israël pa l la. Konsa, li va sèvitè pa m jis pou tout tan.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite