Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 39:30 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

30 Yo te fè plak pou kouwòn sen an avèk lò pi, e yo te enskri nan li tankou gravè a yon so: “Sen a SENYÈ a”.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

30 Yo fè ti plak lò ki pou ale sou mouchwa tèt la ak pi bon kalite lò ki genyen. Yo grave pawòl sa a sou li: Apa pou Senyè a, tankou lè y'ap grave sò sou bag.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 39:30
11 Referans Kwoze  

“Ou va fè yon rido pou pòtay tant lan avèk twal ble, mov, e wouj, ak twal fen blan byen tòde, zèv a yon mèt tiseran.


epi sentiwon avèk twal fen blan an ak materyo ble, mov, e wouj, travay a yon tiseran, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.


Yo te tache kòd ble a ak li pou tache li nan tiban an pa anwo, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.


Nan jou sa a, va gen anons sa sou klòch cheval yo: “SEN A SENYÈ A”. Epi chodyè ki kwit manje lakay SENYÈ yo, va tankou bòl devan lotèl yo.


Men selon sa ke Li menm te fè a, nou nan Jésus Kri. Se Li ki te devni pou nou sajès ki soti nan Bondye, ansanm ak jistis, sanktifikasyon, ak redanmsyon.


Li te fè Sila ki pa t konnen okenn peche a devni peche pou nou menm, pou nou ta kapab devni ladwati Bondye nan Li menm.


ki te bay tèt Li pou nou, pou rachte nou de tout zèv malveyan, e pirifye pou tèt Li yon pèp pou pwòp posesyon pa Li, ki zele pou fè bon zèv.


Anplis, Li menm se refleksyon laglwa Li, ak reprezantasyon egzakt de nati Li. Se Li ki bay soutyen a tout bagay pa pawòl a pouvwa Li a. Lè li te fin pirifye tout peche yo, Li te monte chita sou bò dwat a Majeste anwo a.


Paske se te byen an lòd pou nou ta gen yon wo prèt konsa, sen inosan, san tach, separe de pechè yo e egzalte piwo ke syèl yo;


Ou te fè nou vin wa ak prèt yo a Bondye nou an; epi nou va renye sou tè a.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite