Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 38:24 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

24 Epi tout lò ki te sèvi nan èv la, nan tout travay sanktyè a, menm lò pou ofrann balanse anlè a te ventnèf talan e sèt-san-trant sik selon sik sanktyè a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

24 Tout lò yo te sèvi pou fè travay nan kote ki apa pou Bondye a, se te lò moun yo te ofri bay Bondye. Lò a te peze demil nèfsantrant (2.930) liv, dapre mezi yo sèvi nan kote ki apa pou Senyè a.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 38:24
13 Referans Kwoze  

“Pale fis Israël yo pou yo rasanble yon ofrann pou Mwen. Soti nan chak òm ki gen bon kè ou va resevwa yon ofrann.


Ou va mete tout sa yo nan men Aaron ak men a fis li yo, e ou va balanse yo anlè tankou yon ofrann balanse devan SENYÈ a.


epi nan kasya, senk-san, selon sik sanktyè a, e nan lwil doliv la, yon in nan lwil doliv la.


Epi tout sa yo ki te mennen pa bon volonte kè yo, ni gason ni fanm, te vin pote bijou monte, bwòch, zanno, bag, braslè, avèk tout kalite bagay fèt an lò. Se konsa chak moun ki te prezante yon ofrann an lò bay SENYÈ a te fè.


Anplis, chak valè ke nou bay va baze sou sik sanktyè a. Sik la va ven gera (yon ventyèm sik la).


Si valè ou a se yon gason antre ventan ak swasantan daj, valè ke nou va bay li a se senkant sik an ajan, dapre sik ki nan sanktyè a.


“Si yon moun pa fidèl, e peche san movèz entansyon kont bagay ki sen pou SENYÈ a, alò li va pote ofrann koupabilite li devan SENYÈ a; yon belye san defo ki sòti nan bann bèt la, selon valè an ajan de sik, an valè de sik sanktiyè a kòm yon ofrann koupabilite.


‘Ajan se pa M, e lò se pa M’, deklare SENYÈ dèzame yo.


Epi pou pri ranson an, soti nan laj yon mwa, nou va peye ranson yo, selon pri nou yo, senk sik an ajan, selon sik sanktyè a, ki se ven gera.


ou va pran senk sik pou chak, pa tèt. Ou va pran yo an valè sik sanktyè a (sik la se ven gera),


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite