Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 34:35 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

35 Fis Israël yo te wè figi Moïse, ke po figi li t ap briye. Alò, Moïse te remete vwal la sou figi li jis lè li te vin antre pou pale avèk SENYÈ a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

35 Lè konsa, moun pèp Izrayèl yo gade, yo wè figi Moyiz te klere byen bèl. Apre sa, Moyiz remete twal la sou figi l ankò, pou jouk lè li antre ankò pou l pale ak Senyè a.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 34:35
9 Referans Kwoze  

Alò, Moïse te reyini tout kongregasyon a fis Israël yo. Li te di yo: “Se bagay sa yo ke SENYÈ a te kòmande nou fè:


Se kilès ki tankou nonm saj ki konnen sans a yon bagay? Sajès a yon nonm klere li e fè vizaj sevè li a vin briye.


Sila ki gen bon konprann yo va briye klè tankou ekla a tout syèl la. Epi sila ki mennen anpil moun vè ladwati yo, va brile tankou zetwal jis pou tout tan, e pou tout tan.


Konsa, sila ki gen ladwati yo ap fè klè tankou solèy la nan wayòm Papa yo a. Sila ki gen zòrèy la, kite l tande.


Kite limyè nou an klere devan tout moun pou yo kapab wè bon zèv nou, e bay glwa a Papa nou ki nan syèl la.


“Li menm li te lanp ki t a brile a, ki te limen pou klere, epi nou te rejwi pou yon tan nan limyè pa l la.


Se pa tankou Moïse ki te konn mete yon vwal sou figi l pou fis Israël yo pa t kab gade avèk atansyon sou fen sa ki t ap disparèt la.


Konsa nou va san fot e inosan, pitit a Bondye ki san repwòch nan mitan a yon jenerasyon kwochi e pèvèti. Pami yo, nou vin parèt kòm limyè nan mond lan,


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite