Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 34:26 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

26 “Ou va pote premye nan premye fwi tè ou yo pou l antre lakay SENYÈ a, Bondye ou a. Ou pa pou bouyi yon jèn kabrit nan lèt manman li.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

26 N'a pran pi bèl fwi nan premye rekòt jaden nou yo, n'a pote yo bay Senyè a, Senyè nou an, lakay li. Piga ou janm kwit yon ti mouton nan lèt manman l.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 34:26
13 Referans Kwoze  

epi pou yo ta kab pote premye fwi tè yo avèk premye fwi a tout fwi a tout pyebwa yo, lakay SENYÈ a chak ane,


Nou va pote pi bon nan premye fwi latè yo antre nan kay SENYÈ a, Bondye nou an. Nou pa pou bouyi yon jèn kabrit nan lèt manman li.


“Pale avèk fis Israël yo pou di yo: ‘Lè nou antre nan peyi ke Mwen ap bannou pou fè rekòlt li a, alò, nou va pote premye pake a kòm premye fwi rekòlt la bay prèt la.


Jis rive nan jou sa a, jiskaske nou pote ofrann Bondye nou an, nou pa pou manje ni pen, ni sereyal boukannen, ni nouvo tij vèt. Sa dwe rete yon règleman ki la pou tout tan pami tout jenerasyon nou yo, nan tout domisil nou yo.


“‘Nan premye bòl farin moulen nou an, nou va fè leve yon gato kòm yon ofrann. Kòm ofrann moulen glasi, nou va leve li.


Premye nan fwi mi ki nan peyi yo, ke yo pote bay SENYÈ a, va pou ou. Tout moun lakay ou ki pwòp, kapab manje li.


Chèche premyèman wayòm Li avèk ladwati Li, epi tout bagay sa yo ap vini anplis.


Men alò, Kris te vrèman leve soti nan lanmò, kon premye fwi de sila ki mouri yo.


“Nou pa pou manje okenn bagay ki mouri pou kont li. Nou gen dwa bay li a etranje ki rete nan vil nou, pou li kab manje l, oswa nou kapab vann li a yon etranje; paske nou se yon pèp ki sen a SENYÈ a, Bondye nou an. Nou pa pou bouyi yon jenn ti kabrit ki nan lèt manman.


“‘Koulye a, veye byen, mwen te mennen premye pwodwi a tè a, ke Ou menm, O SENYÈ a te ban mwen.’ Ou va mete li la devan SENYÈ a, Bondye ou a, epi adore devan SENYÈ a, Bondye ou a;


ke nou va pran kèk nan premye a tout pwodwi latè ke nou mennen antre sòti nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, te bannou an. Nou va mete li nan yon panyen e ale kote SENYÈ a, Bondye nou an, nan plas SENYÈ Bondye nou va chwazi pou etabli non Li an.


Nan egzèsis volonte Li, Li te fè nou vin parèt pa pawòl verite a pou nou ta kapab vin tankoupremye fwi pami kreyati Li yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite