Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 33:17 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

17 SENYÈ a te di a Moïse: “Mwen va osi fè bagay sa ke ou te pale a; paske ou twouve favè nan zye M, e Mwen konnen ou pa non Ou.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

17 Senyè a di Moyiz: — M'a fè sa ou mande m lan, paske ou fè kè m kontan anpil. Mwen konnen ki moun ou ye.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 33:17
11 Referans Kwoze  

Alò li te di: “O ke Senyè a pa vin fache avè m! M ap pale sèl fwa sa; sipoze ke se dis ki twouve la?” Epi li te di: “Mwen p ap detwi li pou koz a dis yo.”


Koulye a gade byen, sèvitè nou an gen tan twouve favè nan zye nou, nou te montre jan mizerikòd nou gran nan sove vi m, men mwen p ap kapab chape nan mòn yo, paske malè a va gen tan rive sou mwen, e mwen va mouri.


Li te di li: “Gade byen, mwen ba ou demann sa a tou, pou pa detwi vil la sou sila ou te pale a.


Men Noé te twouve favè nan zye SENYÈ a.


Alò, Moïse te di a SENYÈ a: “Ou wè, Ou di mwen, ‘Monte avèk pèp sa a, men Ou menm ou pa kite m konnen kilès Ou va voye avèk mwen.’ Anplis, Ou te di m: ‘Mwen te konnen ou pa non Ou, e ou osi twouve favè nan zye M.’


Mwen va bay ou trezò lannwit yo ak richès k ap kache kote sekrè yo, pou ou ka konnen ke se Mwen, SENYÈ a, Bondye Israël la, ki rele ou pa non ou.


Anplis, li va vin rive ke avan yo rele, Mwen va reponn; epi pandan yo toujou ap pale, Mwen va tande.


“E nan jou sa a nou p ap menm poze M kesyon sou okenn choz. Anverite, anverite, Mwen di nou, si nou mande Papa a pou nenpòt bagay, L ap bay nou Li nan non Mwen.


Paske Mwen te pè lakòlè ak chalè mekontantman avèk sila SENYÈ a te fache kont nou pou L te kapab detwi nou an. Men SENYÈ a te koute mwen fwa sa a tou.


Konsa konfese peche nou yo a youn lòt e priye pou youn lòt, pou nou kapab geri. Lapriyè efikas a yon nonm ki jis kapab akonpli anpil bagay.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite