Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 30:34 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

34 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Pran pou ou menm epis yo, safetida, zong santi bon, galbanòm, avèk lansan pi, yo chak nan menm kantite.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

34 Apre sa, Senyè a di Moyiz konsa: — Pran epis sa yo: safetida, lorye, gonm bwa ak pi bon kalite lansan. W'a pran menm valè nan chak.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 30:34
20 Referans Kwoze  

te prepare yon gran chanm pou li, nan kote a ki oparavan te konn sèvi pou depo ofrann sereyal yo, lansan a, zouti ak dim sereyal yo, diven avèk lwil ki te pou Levit yo, chantè yo, ak gadyen pòtay yo, avèk kontribisyon balanse an lè, ki te pou prèt yo.


lwil pou limyè, epis pou lwil onksyon, e pou lansan santi bon


“Pran anplis pou ou menm pi bon epis yo: nan mi k ap koule, senk san sik, nan kannèl santi bon an, mwatye sa, de-san-senkant, e nan wozo awomatik, de-san-senkant,


Nenpòt moun ki mele nenpòt bagay parèy ak li, oswa nenpòt moun ki mete okenn nan li sou yon moun ki pa prèt, li va koupe retire pami moun li yo.”


Avèk li ou va fè lansan, yon pafen, zèv a yon mèt melanj pafen, avèk disèl, ki pi, e ki sen.


“Aaron va brile lansan ki santi bon sou li. Li va brile li chak maten lè l ap pran swen lanp yo.


lwil onksyon an osi, ak lansan santi bon pou lye sen an. Yo va fèt selon tout sa ke M te kòmande ou yo.”


epi lotèl lansan an ak poto pa li, lwil onksyon an avèk lansan santi bon an, ak rido pòtay nan antre tabènak la;


Epi li te fè lwil sen pou onksyone a, ak lansan santi bon an avèk epis yo, èv a yon mèt ouvriye ki konn fè melanj pafen.


Se kisa k ap monte kite dezè a tankou pilye lafimen yo, byen pafime ak fèy bazilik ak lansan, plen ak poud santi bon machann yo?


Ou pa t mennen ban Mwen mouton a ofrann brile ou yo, ni ou pa t onore M ak ofrann brile ou yo, ni ou pa t onore M ak sakrifis ou yo. Mwen pa t mete gwo fado sou ou ak ofrann yo, ni fè ou fatige ak lansan.


Li va pran yon plato pou resevwa san ki ranpli avèk chabon cho ki sòti sou lotèl la devan SENYÈ a, de men plen avèk lansan dous moulen byen fen, e mennen li anndan vwal la.


“‘Alò, lè yon moun prezante yon ofrann sereyal la kòm ofrann bay SENYÈ a, ofrann li an va avèk farin fen. Li va vide lwil sou li e mete lansan sou li.


Alò, ou va mete lwil sou li e poze lansan sou li; li se yon ofrann sereyal.


Nou va mete lansan san tach nan chak ranje pou li kapab yon pati komemoratif pou pen an, menm yon ofrann pa dife bay SENYÈ a.


“‘Men si mwayen li pa sifi pou de toutrèl oswa de jenn pijon yo, alò pou ofrann li pou peche ke li te komèt la, li va pote yon dizyèm efa farin fen pou ofrann peche a. Li p ap mete lwil sou li ni mete lansan sou li, paske se yon ofrann peche.


Devwa a Éléazar, fis a Aaron an, prèt la, se lwil pou limyè a, lansan santi bon an, ofrann sereyal ki pa janm sispann nan ak lwil onksyon an—lesansyèl tabènak la avèk tout sa ki ladann yo, sanktyè a avèk sa ki founi li yo.


yon kiyè fèt an lò a dis sik ranpli avèk lansan;


Yo te ale nan kay la e te wè Pitit la avèk Marie, manman Li. Yo te pwostène devan Li pou te adore L. Yo te ouvri trezò yo e te prezante L kòm kado, lò, lansan, ak lami.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite