Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 30:23 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

23 “Pran anplis pou ou menm pi bon epis yo: nan mi k ap koule, senk san sik, nan kannèl santi bon an, mwatye sa, de-san-senkant, e nan wozo awomatik, de-san-senkant,

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

23 — Pran pi bon plant santi bon ki genyen: ven liv lami, dis liv kannèl bon kalite, dis liv fèy sitwonèl,

Gade chapit la Kopi




Egzòd 30:23
20 Referans Kwoze  

Tsadok, prèt la, te pran kòn lwil la nan tant lan pou te onksyone Salomon. Yo te soufle twonpèt la, e tout pèp la te di: “Viv wa Salomon!”


Anplis, kèk nan yo te chwazi mèb ak tout zouti sanktiyè a, sou farin fen an, diven an, lwil la ak lansan an avèk epis yo.


Kèk nan fis a prèt yo te prepare melanj epis yo.


Tout vètman Ou yo santi tankou lami, womaren ak sitwonèl. Soti nan palè livwa yo,lenstriman a kòd yo vin fè Ou kontan.


lwil pou limyè, epis pou lwil onksyon, e pou lansan santi bon


Anplis, SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di:


epi nan kasya, senk-san, selon sik sanktyè a, e nan lwil doliv la, yon in nan lwil doliv la.


lwil onksyon an osi, ak lansan santi bon pou lye sen an. Yo va fèt selon tout sa ke M te kòmande ou yo.”


epi epis avèk lwil pou limyè a, pou lwil onksyon an, e pou lansan santi bon an.


Epi li te fè lwil sen pou onksyone a, ak lansan santi bon an avèk epis yo, èv a yon mèt ouvriye ki konn fè melanj pafen.


Mwen te flite kabann nan ak pafen flè jasmen, lwil womaren ak kanèl.


Sila ke m renmen an se yon pòch pafen; fèy bazilik ki pase tout nwit lan antre tete mwen.


Lwil pafen ou yo santi bon. Non ou menm se tankou lwil kap vide; se pou sa ke tout vyèj yo renmen ou konsa.


ti bonm ak safran, sitwonèl ak kannèl, ak tout bwa lansan yo, lami ak lalwa, ansanm ak tout meyè kalite epis yo.


Ou pa t mennen ban M kann dous ak lajan, ni ou pa t plen M ak grès a sakrifis ou yo. Olye de sa, ou te chaje Mwen ak peche ou yo. Ou te fatige M ak inikite ou yo.


Paske kisa sa sèvi, lansan an ki rive kote Mwen sòti Séba, ak kann dous soti nan yon peyi lwen? Ofrann brile nou yo pa fè M plezi.”


“‘“Vendan ak Javan te peye pou bagay ki sòti Uzal yo. Fè fòje, kasya, ak kann dous te pami machandiz ou yo.”


“‘“Vandè a Séba ak Raema yo te fè trafik ak ou. Yo te peye pou byen ou yo ak pi bon nan tout kalite epis, e ak tout bijou presye ak lò.”


Devwa a Éléazar, fis a Aaron an, prèt la, se lwil pou limyè a, lansan santi bon an, ofrann sereyal ki pa janm sispann nan ak lwil onksyon an—lesansyèl tabènak la avèk tout sa ki ladann yo, sanktyè a avèk sa ki founi li yo.


Konsa, Samuel te pran poban lwil la. Li te vide li sou tèt li. Li te bo li e te di: “Èske SENYÈ a pa t onksyone ou kòm prens sou eritaj Li a?


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite