Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 30:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 Aaron avèk fis li yo va lave men yo ak pye yo ladann.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

19 Arawon ak pitit gason l yo va sèvi ak dlo sa a pou yo lave men yo ak pye yo.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 30:19
12 Referans Kwoze  

Mwen va lave men m nan inosans, e mwen va antoure lotèl Ou, O SENYÈ,


“Konsa, ou va mennen Aaron avèk de fis li yo vè pòtay tant reyinyon an, e lave yo avèk dlo.


Lè yo antre nan tant reyinyon an, yo va lave avèk dlo, jis pou yo pa mouri; oswa lè yo pwoche lotèl la pou fè sèvis, pou ofri anlè nan lafimen, yon ofran dife vè SENYÈ a.


Sòti! Sòti! Kite kote sa a! Pa touche anyen ki pa pwòp! Sòti nan mitan li! Vin pirifye nou menm! Netwaye nou, nou ki pote veso SENYÈ a.


Konsa, Moïse te fè Aaron avèk fis li yo vin pwoche e te benyen yo avèk dlo.


Li te sove nou, pa sou baz a zèv ladwati ke nou fè, men selon mizerikòd Li, pa lavaj a rejenerasyon an, e renouvèlman pa Lespri Sen an,


annou rapwoche nou avèk yon kè sensè, ki plen asirans lafwa, avèk kè nou ki vin pwòp de yon move konsyans, e kò nou ki vin lave avèk dlo pwòp.


paske yo lye sèlman ak manje, bwason, ak plizyè bagay pou lave, règleman kò ki enpoze jis pou lè tout bagay vin nèf.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite