Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 30:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 “Tout moun ki kontwole, soti nan laj a ventan oswa plis, va bay yon kontribisyon bay SENYÈ a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

14 Tout moun ki dwe bay non yo nan resansman an, sa vle di tout moun ki gen ventan osinon ki depase ventan, va peye menm lajan an bay Senyè a.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 30:14
10 Referans Kwoze  

Se chak moun ki kontwole yo ki va bay: mwatye sik selon sik sanktyè a, (yon sik se ven gera) mwatye sik kòm kontribisyon bay SENYÈ a.


Rich yo p ap peye plis, ni malere yo p ap peye mwens ke mwatye sik la, lè ou bay kontribisyon SENYÈ a pou fè ekspyasyon pou nou menm.


Sekèl la va gen ven gera; ven sekèl, plis venn-senk sekèl, plis kenz sekèl va sèvi kon mezi min ou.”


“Tout pèp peyi a va bay ofrann sa a pou prens Israël la.


Yo te reyini tout kongregasyon an ansanm nan premye jou nan dezyèm mwa a. Konsa, yo te fè anrejistreman selon fanmi zansèt pa yo, selon kay papa yo, selon kantite ki te nome yo, soti nan ventan oswa plis, tèt pa tèt.


Alò fis a Ruben yo, premye ne pou Israël, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite ki te nome yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè.


soti nan ventan oplis, nenpòt moun ki kapab fè lagè an Israël. Ou menm avèk Aaron va konte yo pa lame yo.


Kadav nou yo va tonbe nan dezè sila a, menm tout mesye konte yo, nou tout soti nan ventan oswa plis, ki te bougonnen kont Mwen yo,


“Fè yon kontwòl sou tout kongregasyon a fis Israël la soti nan laj ventan oswa plis, pou lakay zansèt a papa yo, nenpòt moun ki kapab sòti pou fè lagè an Israël.


‘Okenn nan mesye sa yo ki monte kite Égypte, ki gen laj plis ke ventan p ap wè peyi ke Mwen te sèmante a Abraham, Isaac, e a Jacob la; paske yo pa t swiv Mwen nèt,


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite