Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 29:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

22 “Ou va anplis pran grès belye a, grès ki nan ke a, ak grès ki kouvri zantray li yo, gwo mas grès ki sòti nan fwa a, de ren yo avèk grès ki sou yo a ak grès ki sou kwis dwat la (akoz ke se yon belye pou òdonasyon an),

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

22 Wete tout grès dezyèm belye mouton an: ke a ak grès li, grès ki vlope tripay yo, moso grès ki sou fwa a, de wonyon yo ak tout gès yo, ansanm ak jigo dwat la paske se yon belye k'ap sèvi pou sèvis konsekrasyon prèt yo.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 29:22
14 Referans Kwoze  

Ou va pran tout grès ki kouvri zantray yo, avèk gwo mas grès ki sòti nan fwa a, de ren yo ak grès ki sou yo a, e ou va ofri yo anlè nan lafimen sou lotèl la.


Ou va pran kèk nan san ki sou lotèl la ak kèk nan lwil onksyon an, e ou va flite li sou Aaron ak sou vètman li yo, sou fis li yo ak sou vètman ki pou fis li yo avèk li. Konsa li menm va vin konsakre; li menm, avèk vètman li yo avèk fis li yo, ak vètman a fis li yo.


Epi yon gato pen avèk yon gato nan pen ki mele avèk lwil la, ak yon galèt ki sòti nan panyen pen san ledven an ki devan SENYÈ a.


Sepandan, pwatrin ofrann balanse an lè la ak kwis ofrann ke nou kapab manje nan yon plas ki pwòp la, ou menm avèk fis ou yo, e fi nou yo avèk nou menm. Paske yo te bay a ou menm e a fis ou yo kòm dwa ki sòti nan sakrifis ofrann lapè a fis Israël yo.


“Alò, prèt la va pran youn nan jenn mouton mal yo. Li va mennen li pou yon ofrann koupab avèk boutèy demi lit lwil la, e li va prezante li kòm yon ofrann voye anlè devan SENYÈ a.


Soti nan ofrann sakrifis lapè a, li va pote kòm ofrann pa dife bay SENYÈ a, grès li, tout grès ke li menm, moun nan va retire pre zo do a, ak grès ki kouvri zantray yo ak tout grès ki tache sou zantray yo.


Answit, li va ofri li avèk tout grès li: grès ke avèk grès ki kouvri zantray yo,


Sa se lalwa pou ofrann brile a, ofrann sereyal, ofrann peche, ofrann koupabilite, ofrann òdinasyon ak sakrifis ofrann lapè yo,


ak pati grès ki sòti nan bèf la, nan belye a, grès ke a ak grès ki kouvri ren yo avèk gwo mòso fwa a,


Men pwatrin yo avèk kwis dwat la, Aaron te prezante yo kòm yon ofrann balanse an lè devan SENYÈ a, jis jan ke Moïse te kòmande a.


Vyann pa yo va pou ou. Li va pou ou tankou pwatrin ak kwis nan yon ofrann balanse anlè.


Alò chèf kwizin nan te pran janm nan avèk sa ki te sou li a e li te plase li devan Saül. Konsa, Samuel te di: “Men sa ki te sere! Mete li devan ou e manje paske li te kenbe pou ou jis rive nan lè apwente a, akoz mwen te di ou ‘mwen te envite moun yo.’” Konsa, Saül te manje avèk Samuel nan jou sa a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite