Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 29:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

18 Ou va ofri anlè nan lafimen tout belye a sou lotèl la; li se yon ofrann brile a SENYÈ a; li se yon sant ki dous; yon sakrifis pa dife pou SENYÈ a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

18 W'a ofri tout belye a ban mwen. W'a boule l nèt sou lotèl la. Sa se yon ofrann bèt w'a boule nèt pou Senyè a, yon ofrann bèt ki fèt pou boule nèt nan dife, yon ofrann bèt k'ap fè Senyè a plezi ak bon sant li.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 29:18
23 Referans Kwoze  

Alò, Abraham te leve zye li pou te gade, e byen wè, yon belye ki te kenbe pa kòn li, nan yon rakbwa. Abraham te ale pran belye a, e li te ofri li kòm ofrann brile a nan plas a fis li a.


Li te di: “Pran koulye a fis ou a, sèl fis ou a, ke ou renmen an, Isaac, epi ale nan peyi Morija. Ofri li la kòm yon ofrann ki brile, sou youn nan mòn yo ke Mwen va di ou yo.”


Isaac te pale avèk papa li, Abraham, e te di li: “Papa m!” Epi li te reponn: “Men mwen, fis mwen.” Konsa, li te di l: “Gade, men dife a avèk bwa, men kote jèn mouton an ye pou fè sakrifis la?”


Konsa, Noé te bati yon lotèl pou SENYÈ a. Li te pran chak bèt ki pwòp, ak chak zwazo ki pwòp, e li te ofri sakrifis ki te brile sou lotèl la.


SENYÈ a te pran sant dous la. Konsa, SENYÈ a te di a Li menm: “Mwen p ap janm modi tè a ankò akoz lòm, paske lentansyon kè li se lemal depi li te jèn. Ni mwen p ap janm detwi ankò chak bagay vivan jan Mwen te fè a.


Konsa, dife SENYÈ a te tonbe e te konsonmen ofrann brile a avèk bwa a, avèk wòch yo ak pousyè a e te vale tout dlo ki te nan kanal la.


Wa a te konn ale Gabaon pou fè sakrifis la, paske se la ke wo plas prensipal la te ye. Salomon te ofri mil ofrann brile sou lotèl sila a.


Mwen pa repwoche ou pou sakrifis ou yo. Ofrann brile nou yo devan m tout tan.


Ou va koupe belye a an mòso, lave zantray li yo avèk janm li yo, e mete yo avèk mòso li yo avèk tèt li.


Ou va pran yo sòti nan men pa yo, e ou va ofri yo anlè nan lafimen sou lotèl la, tankou yon bagay ki santi bon devan SENYÈ a: li se yon ofrann pa dife pou SENYÈ a.


“Ki sa gran fòs kantite sakrifis sa yo ye k ap ogmante pou Mwen?” di SENYÈ a. Mwen fin resevwa kont ofrann brile a belye ak grès a bèf gra yo. Mwen pa pran plezi nan san towo yo, jenn mouton, ni kabrit.


Paske kisa sa sèvi, lansan an ki rive kote Mwen sòti Séba, ak kann dous soti nan yon peyi lwen? Ofrann brile nou yo pa fè M plezi.”


Li va chire li pa zèl li, san fin separe l nèt. Konsa, prèt la va ofri li nan lafimen sou lotèl la, sou bwa ki sou dife a. Li se yon ofrann brile, yon ofrann pa dife yon bagay ki santi dous devan SENYÈ a.


Men zantray li yo avèk janm li yo, moun nan va lave yo avèk dlo. Epi prèt la va brile li nèt sou lotèl la kòm yon ofrann brile, yon ofrann pa dife, yon bagay ki santi dous pou SENYÈ a.


Answit, li va retire tout grès li, jis jan grès la te retire nan sakrifis ofrann lapè yo; epi prèt la va ofri li nan lafimen sou lotèl la pou yon odè santi bon pou SENYÈ a. Konsa prèt la va fè ekspiyasyon pou li, e li va vin padone.


Apre li te fin lave zantray yo ak janm yo avèk dlo, Moïse te ofri tout belye a nan lafimen sou lotèl la. Se te ofrann brile a pou yon bon odè. Li te yon ofrann pa dife bay SENYÈ a, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.


Answit, dife te sòti devan SENYÈ a, e ofrann nan te brile nèt ak pati grès sou lotèl la. Lè tout pèp la te wè sa, yo te rele fò, e yo te tonbe sou figi yo.


E pou renmen Li avèk tout kè nou, avèk tout konprann nou, e avèk tout fòs nou, e pou renmen vwazen nou tankou tèt ou, se bokou plis pase tout ofrann brile avèk sakrifis.”


Mache nan lanmou, jan Kris osi te renmen nou, e te bay tèt Li pou nou, kòm yon ofrann ak yon sakrifis a Bondye, kon yon pafen ki santi bon.


Men konsa mwen te resevwa tout bagay nèt e mwen genyen an abondans. Mwen byen founi depi m te resevwa nan men Épaphrodite sa ke nou te voye a, yon pafen ki santi bon, yon sakrifis akseptab, ki byen fè Bondye plezi.


Samuel te pran yon ti mouton ki potko sevre e li te ofri tout li kòm yon ofrann brile bay SENYÈ a. Samuel te kriye a SENYÈ a pou Israël e SENYÈ a te reponn li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite