Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 29:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Men chè towo a avèk po li ak watè li, ou va brile yo avèk dife andeyò kan an. Li menm se yon ofrann peche.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

14 Men w'a pran tout vyann lan, po a ak tout tripay la, w'a boule yo andeyò limit kote nou rete a. Se va yon ofrann bèt y'ap touye pou Bondye ki va sèvi pou wete peche moun fè san yo pa konnen.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 29:14
22 Referans Kwoze  

Prèt yo te touye yo, e te lave lotèl la avèk san yo pou fè ekspiyasyon pou tout Israël, paske wa a te kòmande ofrann brile avèk ofrann peche pou tout Israël.


Moun egzil ki te sòti an kaptivite yo te ofri ofrann brile a Bondye Israël la: douz towo pou tout Israël, katre-ven-sèz belye, swasann-dis-sèt jenn mouton, douz mal kabrit kon ofrann peche. Yo tout te kon yon ofrann brile a SENYÈ a.


Aaron va fè ekspyasyon sou kòn li yo yon fwa pa ane. Li va fè ekspyasyon sou li avèk san ofrann peche ki pou ekspyasyon an yon fwa pa ane pandan tout jenerasyon nou yo. Li pi sen pase tout bagay bay SENYÈ a.”


Ou va, anplis, pran towo pou ofrann peche a, e li va vin brile nan kote ki chwazi nan kay la deyò sanktiyè a.


“Alò Aaron va ofri towo ofrann peche ki pou li menm nan, li va fè ekspiyasyon pou li menm ak pou tout lakay li, e li va touye towo ofrann peche ki pou li menm nan.


Men towo ofrann peche a ak kabrit ofrann peche a, san sila li te mennen antre pou fè ekspiyasyon nan lye sen an, va vin pote deyò lavil la. Li va brile po yo, chè yo, avèk poupou yo nan dife.


“Aaron va antre nan lye sen an avèk yon towo pou yon ofrann peche ak yon belye pou yon ofrann brile.


Answit, li dwe pote towo a yon kote deyò kan an pou brile li jan li te brile premye towo a. Li se ofrann peche pou asanble a.


Answit, prèt la dwe pran kèk nan san ofrann peche a avèk dwèt li e mete li sou kòn lotèl pou ofrann brile a. Konsa, rès san li an, prèt la va vide nan baz lotèl ofrann brile a.


Li va poze men l sou tèt ofrann peche a, e li va touye ofrann peche a nan menm plas ofrann brile a.


si prèt onksyon an fè peche e mennen koupabilite sou pèp la, alò, kite li ofri bay SENYÈ a yon towo san defo, kòm ofrann peche pou peche ke li te komèt la.


“‘Men si li pote yon jenn mouton kòm ofrann li pou ofrann peche a, li va pote li, yon femèl san defo.


Li va osi pote ofrann koupabilite li a bay SENYÈ a pou peche ke li te komèt la: yon femèl ki sòti nan bann bèt la, yon jenn mouton, oswa yon kabrit kòm yon ofrann peche. Konsa prèt la va fè ekspyasyon nan non li pou peche li a.


Li va pote yo bay prèt la, ki va ofri, premyèman, sa ki pou ofrann peche a, e li va tranche tèt li pa devan kou a san ke li pa fin separe li nèt.


“Pale avèk Aaron ak fis li yo pou di: ‘Sa se lalwa ofrann peche a: nan plas kote ofrann brile a vin touye a, ofrann peche a va touye devan SENYÈ a. Li pi sen pase tout.


Men towo a avèk po li ak chè li, ak watè li, li te brile yo nan dife a deyò kan an jan SENYÈ a te kòmande Moïse la.


Konsa, li te di a Aaron: “Pran pou nou menm yon jenn kabrit, yon jenn towo pou yon ofrann peche ak yon belye pou yon ofrann brile, tou de san defo, e ofri yo devan SENYÈ a.


Gade byen, Mwen va fè repwòch nou rive jis sou desandan nou yo, e Mwen va gaye poupou sou figi nou, menm poupou a festen nou yo; epi nou va vin disparèt ansanm avè l.


Alò, gazèl la va brile devan zye li; po li, chè li avèk san li, avèk poupou li, va brile.


yon mal kabrit kòm ofrann peche;


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite