Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 28:37 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

37 Ou va tache li avèk yon kòd ble, e li va rete sou tiban an; li va pa devan tiban an.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

37 W'a mare l sou devan mouchwa tèt la avèk yon ti kòdon ble.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 28:37
10 Referans Kwoze  

Yo va atache pyès lestomak la pa wondèl li yo ak wondèl efòd yo avèk yon kòd an ble, pou li kapab sou bann nan ki trese byen fen nan efòd la, pou pyès lestomak la pa vin detache nan efòd la.


“Ou va fè tout manto efòd la an ble.


“Ou va osi fè yon plak avèk lò pi, e li va grave sou li, jan li grave a yon so: “Sen a SENYÈ a.”


Li va sou fwon Aaron, e Aaron va retire inikite nan bagay sen ke fis Israël yo konsakre yo, selon tout ofrann sen pa yo; epi li va toujou sou fwon li, pou yo kapab aksepte devan SENYÈ a.


“Sa yo se vètman ke yo va fè: yon pyès pou kouvri lestomak yo, yon efòd, avèk yon gwo manto, yon tinik avèk yon modèl kare, yon tiban pou tèt la, yon sentiwon ki fèt an twal. Yo va fè vètman sen yo pou Aaron, frè ou a ak fis li yo, pou li kapab sèvi kòm prèt pou Mwen.


Ou va mete tiban an sou tèt li, e mete kouwòn sen an sou tiban an.


Li te plase plastwon an sou tèt li. Sou plastwon an, pa devan, li te mete plak an lò a, kouwòn sen an, jan SENYÈ a te kòmande Moïse la.


Mwen te di: “Kite yo mete yon tiban pwòp sou tèt li.” Konsa, yo te mete yon tiban pwòp sou tèt li, e yo te abiye li. Zanj SENYÈ a te kanpe sou kote.


“Pale avèk fis Israël yo e di yo ke yo va fè pou yo menm ponpon sou kwen vètman yo pandan tout jenerasyon yo, e ke yo va mete sou ponpon nan chak kwen an, yon kòd ble.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite