Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 28:29 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

29 “Aaron va pote non a fis Israël yo nan pyès lestomak jijman an sou kè li lè l ap antre nan lye sen an, kòm yon souvni pou tout tan devan SENYÈ a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

29 Lè Arawon va antre nan kote ki apa pou Bondye a, l'a pote non branch fanmi pèp Izrayèl yo sou kè l, sou plastwon an, konsa Senyè a p'ap janm bliye yo.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 28:29
8 Referans Kwoze  

Ou va mete de pyè sa yo sou pyès zepòl yo nan efòd la, kòm pyè pou toujou sonje fis Israël yo. Konsa, Aaron va pote non pa yo devan SENYÈ a sou de zepòl li yo tankou yon bagay komemoratif.


“Ou va fè yon pyès jijman pou lestomak, èv a yon mèt ouvriye; tankou èv efòd la, ou va fè li: avèk lò, twal ble, mov, e wouj, tòde byen fen ou va fè li.


Yo va atache pyès lestomak la pa wondèl li yo ak wondèl efòd yo avèk yon kòd an ble, pou li kapab sou bann nan ki trese byen fen nan efòd la, pou pyès lestomak la pa vin detache nan efòd la.


Ou va mete nan pyès lestomak jijman an, Ourim nan avèk Toumim nan, e yo va sou kè Aaron lè l ap antre devan SENYÈ a. Konsa, Aaron va pote jijman a fis Israël yo sou kè li tout tan devan SENYÈ a.


Mete mwen tankou yon so sou kè ou, tankou yon so sou bra ou. Paske lanmou gen fòs menm jan ak lanmò. Jalouzi sevè tankou Sejou mò yo; lè l pete se tankou dife k ap pete. Vrèman se flanm SENYÈ a.


Chèf pa yo va youn nan yo, e sila ki gouvène yo va sòti nan mitan yo. Mwen va mennen li toupre, e li va vin toupre Mwen; paske se kilès ki ta gen kouraj pou pwoche M?” deklare SENYÈ a.


Frè m yo, dezi kè m ak lapriyè m a Bondye se pou tout Jwif yo kapab sove.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite