Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 28:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 “Ou va fè yon pyès jijman pou lestomak, èv a yon mèt ouvriye; tankou èv efòd la, ou va fè li: avèk lò, twal ble, mov, e wouj, tòde byen fen ou va fè li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

15 W'a fè yon plastwon pou yo mete bagay y'a sèvi pou chache konnen sa Bondye vle. Se yon bon atis ki pou fè travay bodri a tankou pou jile a. W'a fè l an lò ak twal siperyè koulè ble, vyolèt ak wouj ansanm ak twal fen blan tise byen sere.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 28:15
11 Referans Kwoze  

pyè oniks ak pyè baz bijou pou efòd la, e pou pyès vètman lestomak la.


“Anplis de sa, ou va fè tabènak la avèk dis rido an twal len fen ki tòde avèk twal ble, mov, ak wouj, ak cheriben yo. Yo gen pou fèt pa yon mèt ouvriye ak gwo kapasite.


“Ou va fè yon rido pou pòtay tant lan avèk twal ble, mov, e wouj, ak twal fen blan byen tòde, zèv a yon mèt tiseran.


ak de chèn an lò pi, Ou va fè yo tankou èv kòd ki tòde, e ou va mete chèn trese yo sou monti lò yo.


Li va kare, plwaye doub, yon epann lajè yon men louvri nan lajè, e yon epann nan longè.


Ou va mete nan pyès lestomak jijman an, Ourim nan avèk Toumim nan, e yo va sou kè Aaron lè l ap antre devan SENYÈ a. Konsa, Aaron va pote jijman a fis Israël yo sou kè li tout tan devan SENYÈ a.


“Sa yo se vètman ke yo va fè: yon pyès pou kouvri lestomak yo, yon efòd, avèk yon gwo manto, yon tinik avèk yon modèl kare, yon tiban pou tèt la, yon sentiwon ki fèt an twal. Yo va fè vètman sen yo pou Aaron, frè ou a ak fis li yo, pou li kapab sèvi kòm prèt pou Mwen.


“Yo va osi fè efòd la avèk lò, avèk twal ble, mov, wouj, ak twal fen blanc ki byen tòde, travay a yon mèt ouvriye byen prepare.


Ou va pran vètman yo. Ou va mete sou Aaron tinik lan avèk manto efòd la, efòd avèk pyès lestomak la, e ou va mare senti li avèk bann trese byen fen ki sou efòd la.


Li te mete pyès lestomak la sou li. Anplis, nan pyès lestomak la, li te mete Ourim nan avèk Toumim nan.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite