Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 23:33 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

33 Yo p ap viv nan peyi nou, paske yo va fè nou peche kont Mwen; paske si nou sèvi dye pa yo, sa va vrèman vin yon pèlen pou nou.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

33 Se pa pou yo rete nan peyi nou an, pou yo pa ankouraje nou fè peche kont mwen. Si nou sèvi bondye moun sa yo, sa ka yon malè pou nou.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 23:33
17 Referans Kwoze  

Li va abandone Israël akoz peche ke Jéroboam te fè a, e avèk sila ke li te fè Israël antre nan peche a.”


Konsa, Manassé te egare Juda ak pèp Jérusalem nan pou fè plis mal pase menm nasyon ke SENYÈ a te detwi devan fis Israël yo.


Yo te sèvi zidòl yo, ki te devni yon pèlen pou yo.


Sèvitè Farawon yo te di li: “Pou konbyen de tan mesye sila a ap rete tankou yon pèlen pou nou? Kite mesye yo ale pou yo kapab sèvi SENYÈ Bondye a yo a. Èske ou pa wè ke Égypte gen tan fin detwi?”


“Nou pa pou adore dye pa yo, ni sèvi yo, ni fè selon zèv pa yo, men nou va boulvèse yo nèt e nou va kraze pilye sakre pa yo an mòso.


Veye nou, pou nou pa fè okenn akò avèk sa yo k ap viv nan peyi kote nou prale a, oswa sa va devni yo pèlen nan mitan nou.


veye ke nou pa antre nan pèlen e swiv yo lè yo fin detwi devan nou; epi ke nou pa chache a dye pa yo, e mande: ‘Kijan nasyon sa yo sèvi dye pa yo? Konsa, mwen va fè menm jan an?’


jis pou yo pa vin enstwi nou selon tout bagay abominab ke yo te fè pou dye pa yo, pou nou vin peche kont SENYÈ a, Bondye nou an.


“Lè SENYÈ a, Bondye nou an, mennen nou vini nan peyi kote nou ap antre pou posede a, e chase devan nou anpil lòt nasyon, Etyen yo, Gigachyen yo, Amoreyen yo, avèk Kanaaneyen yo, Perezit yo, Evyen yo, ak Jebizyen yo, sèt nasyon ki pi gran e ki pi pwisan ke nou yo;


Nou va devore tout pèp ke SENYÈ Bondye nou an, va livre bannou. Zye nou p ap bay yo pitye, ni nou p ap sèvi dye pa yo, paske sa ta yon pèlen pou nou.


pou yo kapab twouve bon sans pa yo, pou chape anba pèlen a Dyab la, ki kenbe yo kaptif pou fè volonte l.


Konsa, Josué te frape tout peyi a, peyi kolin yo avèk Negev la ak bas plèn nan avèk pant yo ak tout wa yo. Li pa t kite moun vivan, men li te konplètman detwi tout moun ki te gen souf lavi, jis jan ke SENYÈ a, Bondye a Israël la, te kòmande a.


konnen, anverite, ke SENYÈ a, Bondye nou an, p ap kontinye chase nasyon sila yo sòti devan nou; men yo va vin yon pèlen ak yon pyèj pou nou, yon frèt bò kote nou ak pikan nan zye nou, jiskaske nou peri sòti nan bon peyi sa a ke SENYÈ a, Bondye nou an, te bannou an.


Konsa, pou nou menm, nou p ap fè okenn akò avèk pèp peyi sila yo. Nou va chire lotèl pa yo.’ Men nou pa t obeyi Mwen. Kisa sa ye ke nou fè la a?


Pou sa, Mwen te di anplis, ‘Mwen p ap pouse yo sòti devan nou, men yo va devni tankou zepin akote nou e dye pa yo va vin yon pèlen pou nou.’”


Saül te di a li menm: “Mwen va ba li fi a pou li kab devni yon pyèj pou li e pou men Filisten yo kapab vin kont li.” Pou sa, Saül te pale David, “Pou yon dezyèm fwa, ou gen dwa devni bofis mwen jodi a.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite