Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 23:27 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

27 “Mwen va voye laperèz Mwen devan nou. Mwen va jete nan konfizyon tout pèp pami sila nou parèt yo, e Mwen va fè tout lènmi nou yo ban nou do.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

27 M'ap fè tout moun pè nou. Kote nou pase, m'ap fè moun pèdi tèt yo. M'ap fè tout lènmi nou yo pran rak devan nou.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 23:27
17 Referans Kwoze  

Pandan yo t ap vwayaje, yon gwo laperèz te vin sou vil ki te ozanviwon yo, e yo pa t swiv fis a Jacob yo.


Ou te osi fè lènmi m yo vire do ban mwen, Epi mwen te detwi sila ki te rayi mwen yo.


Paske SENYÈ a te fè lame Siryen an tande bwi a cha yo avèk bwi cheval yo, son a yon gwo lame, jiskaske yo te di youn ak lòt: “Men gade, wa Israël la gen tan mete an sèvis kont nou wa Etyen yo avèk wa Ejipsyen yo pou yo vini sou nou.”


Yo te detwi tout vil ki te antoure Guérar yo, paske laperèz SENYÈ a te fin tonbe sou vil yo. Epi yo te depouye tout vil yo, paske yo te gen anpil piyaj.


Ou te, anplis, fè lènmi m yo vire do yo ban mwen; konsa mwen te detwi sila ki te rayi mwen yo.


Paske Ou va fè yo vire do yo. Ou va pwente banza sou figi yo ak bon kontwòl.


Mwen va voye yon zanj devan ou, e Mwen va mete Kananeyen yo deyò, Amoreyen yo, Evetyen yo, Ferezyen yo, Etyen yo, ak Jebisyen yo.


Paske Mwen va chase nasyon yo devan ou, e fè agrandi limit fwontyè ou yo. Pèsòn p ap fè lanvi sou peyi ou lè w ap monte twa fwa pa ane pou parèt devan SENYÈ a, Bondye ou a.


Konsa, Moab te nan gran perèz akoz pèp la, pwiske yo te anpil; Moab te sezi avèk gwo laperèz akoz fis Israël yo.


alò, SENYÈ a va chase tout nasyon yo soti devan nou; epi nou va deplase nasyon ki pi gran e ki pi pwisan ke nou yo.


P ap gen pèsòn ki kapab kanpe devan nou. SENYÈ a, Bondye nou an, va mete gwo panik de nou ak laperèz nou sou tout peyi kote nou foule pye nou yo, jan Li te deja pale nou an.


Nan jou sila a, Mwen va kòmanse mete lakrent ak laperèz ou sou pèp toupatou anba syèl yo, ki, lè yo tande rapò a ou menm, yo va tranble e soufri nan laperèz akoz de ou.”


lè nou pouse mete deyò tout lènmi nou yo devan nou, jan SENYÈ a te pale a.


Men SENYÈ a, Bondye nou an, va livre yo devan nou, e Li va jete yo nan gran konfizyon jiskaske yo vin detwi.


Epi nan kan an yo t ap tranble, anplis nan chan an, e pami tout pèp la. Menm gason anplasman militè yo te tranble. Ekip ravajè yo te tranble e latè te vin tranble jiskaske li te tranble anpil.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite