Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 22:27 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

27 paske se sa sèl ki kouvri li. Se manto pou kò li. Kisa ankò li kab sèvi pou l dòmi? Epi li va rive ke lè li kriye fò, Mwen va tande li, paske Mwen ranpli avèk mizerikòd.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

27 Paske, se sèl rad li gen pou l mete sou li pou fredi pa bat li. Kisa pou l mete sou li pou l kouvri aswè? Si li rele mande m sekou, m'a reponn li paske mwen gen bon kè.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 22:27
14 Referans Kwoze  

Lè Wa David te rive Bachurim, gade byen, te sòti depi la yon mesye ki sòti nan fanmi Saül ki te rele Schimeï, fis a Guéra a. Li te parèt ak pawòl madichon san rete pandan li t ap pwoche.


“Veye byen, genyen avè wSchimeï, fis a Guéra a, Benjamit a Bachurim nan. Se te li menm ki te fè madichon sou mwen nan jou ke m te ale Mahanaïm nan. Men lè li te desann bò kote m nan Jourdain an, mwen te sèmante a li menm pa SENYÈ a. Mwen te di: ‘Mwen p ap mete ou a lanmò avèk nepe.’


Konsa, pou sa, pa kite li sòti san pini. Paske ou se yon nonm saj. Ou va konnen sa ke ou ta dwe fè a li menm, epi ou va fè tèt cheve blanch li an desann nan sejou lanmò nan san.”


Paske si nou retounen kote SENYÈ a, frè nou yo avèk fis nou yo va jwenn mizerikòd devan sila ki te mennen yo an kaptivite yo, e yo va retounen nan peyi sa a. Paske SENYÈ a, Bondye nou an, plen gras avèk konpasyon e Li p ap vire fas Li kite nou si nou retounen kote Li.”


Malere sila a te rele, e SENYÈ a te tande li, epi te sove li sòti nan tout twoub li yo.


Paske li va delivre malere a lè l kriye sekou; aflije a tou, lè l san soutyen an.


Men Ou menm, O SENYÈ, Ou se yon Bondye ki plen ak gras avèk mizerikòd, lan nan kòlè e plen avèk lanmou dous ak verite.


Si ou oprime li, e li kriye ban Mwen, Mwen va anverite tande kri li;


Konsa, SENYÈ a te pase devan li, e Moïse te pwoklame: “SENYÈ a! SENYÈ a, Bondye, ki plen mizerikòd ak konpasyon an, ki lan nan fè kolè, e ki ranpli avèk lanmou ki dous ak verite a;


Anplis, nan chanm a kouche ou, pa bay wa a madichon; e nan chanm a kouche ou, pa bay yon moun rich madichon. Paske yon zwazo syèl la ka pote bri a, e sa ki gen zèl yo ka fè yo konnen bagay la.


Li va vin fè yon sign ak yon temwen a SENYÈ dèzame yo nan peyi Égypte; paske yo va kriye a SENYÈ a akoz sila k ap oprime moun yo, e Li va voye ba yo yon sovè, yon defansè e Li va delivre yo.


“Lè nou fè nenpòt kalite prè a vwazen nou, nou pa pou antre lakay li pou pran garanti.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite