Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 21:26 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

26 Si yon mesye frape zye esklav li, kit mal, kit femèl, e li pèdi zye a, li va bay li libète akoz pèt zye a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

26 Lè yon moun frape yon esklav li nan je, kit se yon gason, kit se yon fanm, si esklav la pèdi je a, mèt la va ba li libète l pou dedomajman pou je a.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 21:26
14 Referans Kwoze  

Alò, chè nou se menm ak chè a frè nou yo, pitit pa nou yo kon pa yo. Sepandan, nou ap fòse fè fis nou yo avèk fi nou yo vin esklav, gen nan yo ki deja mare ladann e nou san sekou, akoz chan nou avèk chan rezen nou yo vin pou yon lòt moun.”


Ou te wè sa, paske Ou te wè kont mechanste ak agase moun pou pran sa an men. Malere a ap depann de Ou menm; Se Ou ki konn ede òfelen an.


pou bay jistis a òfelen an avèk oprime a, pou lòm ki mache sou tè a, pa koze laperèz ankò.


Paske Sila ki egzije san an sonje yo; Li pa janm bliye kri a sila ki oprime yo.


Si yon mesye frape esklav li, kit mal kit femèl, avèk yon baton, epi li vin mouri nan men l, li va pini.


zye pou zye, dan pou dan, men pou men, pye pou pye,


brile pou brile, blese pou blese, brize pou brize.


Si li kraze fè pèt a yon dan esklav li, kit mal, kit femèl, li va ba li libète akoz dan an.


Epi mèt yo, fè menm bagay yo pou yo. Sispann menase yo, lòske nou konprann ke ni Mèt pa yo a ak pa nou an se nan syèl la, epi devan Li pa gen patipri.


Nou p ap tòde jistis la. Nou p ap fè patipri, e nou p ap pran anyen anba tab; paske afè anba tab avegle zye a saj yo, e pèvèti pawòl a sila ki dwat yo.


Mèt yo, bay esklav nou yo sa ki jis e rezonab, epi konnen ke nou osi gen yon Mèt nan syèl la.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite