Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 12:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

22 Nou va pran yon pake izòp e fonse li nan san basen an, epi mete kèk nan san basen an sou de chanbrann yo avèk travès lento pòt yo. Pèsòn pa pou ale deyò pòt kay li jis rive nan maten.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

22 Apre sa, n'a pran yon branch izòp, n'a tranpe l nan kivèt ki gen san bèt la. N'a pase l sou de chanbrann pòt la ak sou travès lento a. Apre sa, piga pèsonn sòti dèyò lakay yo jouk li jou.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 12:22
13 Referans Kwoze  

Pirifye m ak izòp e mwen va pwòp. Lave mwen e mwen va pi blan ke lanèj.


Anplis, yo va pran kèk nan san an, e mete li sou de chanbrann pòt kay la, ak sou de travès lento pòt kay la kote yo va manje li a.


Vini, pèp mwen an, antre nan chanm nou e fèmen pòt nou dèyè nou. Kache pou yon ti tan jiskaske gwo kòlè a fin pase.


Yon moun pwòp va pran izòp e fonse li nan dlo a, flite li sou tant lan ak sou tout zafè li yo, ak sou tout moun ki te ladann yo, tout sila ki te touche zo a, oswa sa ki te touye, oswa sa ki te mouri yon lòt jan, oswa yon tonm.


Apre yo chante yon kantik, yo te ale nan Mòn Oliv la.


Pa lafwa, li te fè Pak Jwif la, e li te flite san an, pou sila ki te detwi premye ne yo pa t kab touche yo.


epi anvè Jésus medyatè yon akò tounèf la, e anvè san vèse a, ki pale pi klè pase san Abel la.


Alò, menm premye akò a te gen règleman pou adore Bondye ak sanktyè tèrès la.


konbyen anplis ke san a Kris la, ki atravè Lespri etènèl la, ki te ofri pwòp tèt Li san tach a Bondye, va netwaye konsyans nou de zèv lanmò yo, pou sèvi Bondye vivan an?


Paske lè tout kòmandman yo te fin pale pa Moïse a tout pèp la selon Lalwa li te pran san a towo ak kabrit avèk dlo, lenn wouj ak izòp, e te aspèje yo ni sou liv la, ak tout pèp la.


Li va rive ke nenpòt moun ki ale deyò pòt lakay ou pou antre nan lari a, san li va sou pwòp tèt li e nou va lib de sèman an. Men nenpòt moun ki avèk ou nan kay la, san pa li va sou tèt nou si yon moun men mete sou li.


selon konesans davans a Bondye, Papa a, pa travay Lespri Sen an, pou nou ta kapab obeyi Jésus Kri e vin aspèje avèk san Li: Ke lagras ak lapè kapab pou nou nan pi gran mezi.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite