Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Efezyen 6:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 e anplis de tout bagay, pran boukliye lafwa a pou nou kapab etenn tout flèch dife a Mechan an.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

16 Toujou pran konfyans nou gen nan Bondye a tankou yon defans ki va penmèt nou pare tout flèch Satan an ap voye tou limen sou nou.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

16 Sèvi tou ak lafwa nou nan Bondye tankou yon defans pou nou bloke tout flèch tou limen lènmi an ap voye sou nou.

Gade chapit la Kopi




Efezyen 6:16
16 Referans Kwoze  

Apre bagay sa yo, pawòl SENYÈ a te vin kote Abram nan yon vizyon. Li te di: “Pa pè, Abram, Mwen se yon pwotèj pou ou. Rekonpans ou va gran.”


Ou te osi ban mwen Boukliye Sali Ou a, e se soutyen Ou ki fè m pwisan.


Flèch pwent file a gèrye yo, avèk chabon pye gayak tou limen.


Anplis, Li fin prepare pou kont Li zam mòtèl yo. Li fè flèch ak shaf ki brile yo.


Non SENYÈ a se yon sitadèl byen fò; moun ladwati a kouri ladann pou jwenn sekou.


Men kite pawòl nou sèlman ‘wi’ pou ‘wi’ e ‘non’ pou ‘non’. Nenpòt bagay ki depase sa yo soti nan mèt mechanste a.


Se pa ke nou menm ta domine fwa pa nou, men se ouvriye nou ye ansanm avèk ou pou lajwa ou. Paske nan lafwa a, ou deja kanpe fèm.


Men paske nou apatyen a lajounen, annou rete rezoli. Annou fin mete sou nou pwotèj lestomak lafwa ak lanmou an, e kòm kas, lesperans sali a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite