Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Efezyen 3:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 pou Li kapab bannou, selon richès laglwa Li, ke nou kapab ranfòse avèk pouvwa, atravè Lespri Li a ki fonse nan enteryè lòm nan.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

16 M'ap mande Bondye pou li ban nou, dapre richès pouvwa li a, fòs ak kouray nan kè nou, pa mwayen pouvwa Sentespri a, pou nou ka grandi nan karaktè nou,

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

16 M ap mande Bondye Papa a, dapre richès glwa li, pou l fòtifye nou nan mantal nou, pa mwayen Sentespri li.

Gade chapit la Kopi




Efezyen 3:16
28 Referans Kwoze  

Èske Li ta sèvi gran fòs Li pou goumen ak mwen? Non, anverite, Li ta koute mwen.


Nan jou ke m te rele Ou a, Ou te reponn mwen. Ou te fè m plen ak kouraj ak fòs nan nanm mwen.


SENYÈ a se fòs yo. Li se yon defans pou sove onksyone Li yo.


Pa pè, paske Mwen avèk ou. Pa gade toupatou ak kè twouble, paske Mwen se Bondye ou. Mwen va fòtifye ou. Anverite Mwen va bay ou sekou. Anverite Mwen va bay ou soutyen ak men ladwati, men dwat Mwen.


“Men sa se akò ke M va fè ak lakay Israël apre jou sa yo”, deklare SENYÈ a: “Mwen va mete lalwa M anndan yo e sou kè yo Mwen va ekri l; epi Mwen va Bondye yo, e yo va pèp Mwen.


Mwen va ranfòse yo nan SENYÈ a. Nan non pa Li, yo va mache monte desann” deklare SENYÈ a.


Epi pa mennen nou nan tantasyon, men delivre nou de mal. Paske wayòm nan, pouvwa a, avèk glwa a se pou Ou menm pou tout letènite. Amèn.’


Men yon vrè Jwif se sila ki sikonsi pa anndan. Sikonsizyon an se sa ki fèt nan kè, pa Lespri Sen an, men pa selon lèt lalwa a. Lwanj pa li pa sòti nan lòm, men nan Bondye.


Paske, plen ak lajwa, mwen vin dakò avèk Lalwa Bondye ki aji andedan an,


Epi Li te fè sa pou Li ta kapab fè wè richès laglwa Li sou veso mizerikòd yo, ke li te prepare davans pou glwa Li,


Rete vijilan, kanpe fèm nan lafwa, pran kouraj, mete nou dyanm.


Men Li te di mwen: “Lagras mwen sifi pou ou, paske pouvwa a vin konplè nan feblès”. Konsa, avèk kè kontan, mwen va pito vante tèt mwen de feblès mwen, jis pou pouvwa Kris la kapab rete nan mwen.


Donk, nou p ap dekouraje, men malgre ke lòm eksteryè nou ap dekonpoze deja lòm enteryè nou ap renouvle de jou an jou.


M priye pou zye a kè nou kapab klere, pou nou kapab konnen kisa ki esperans apèl Li a, ak sa ki richès laglwa eritaj Li a pami sen yo.


Nan Li nou gen redanmsyon pa san Li, padon pou transgresyon nou yo selon richès a gras Li,


pou nan tan k ap vini yo, Li ta kapab montre nou richès a gras Li ki pi gran pase tout bagay, nan dousè Li anvè nou nan Jésus Kri.


Nan Li menm, tout fanmi nan syèl la ak sou tè a jwenn non yo,


A mwen menm, pi piti pami tout sen yo, gras sa a te bay, pou preche a pèp etranje yo, tout richès ensondab a Kris yo.


Anfen se pou nou vin fò nan Senyè a ak nan fòs a pouvwa Li.


Mwen kapab fè tout bagay atravè Sila ki ban m fòs la.


Epi Bondye mwen an va founi tout bezwen nou yo selon richès Li nan glwa nan Kris Jésus a.


ki ranfòse ak tout pouvwa, selon pwisans laglwa Li a, pou vin genyen pèseverans ak pasyans; avèk lajwa,


A yo menm Bondye te gen volonte pou fè konnen kisa ki se richès laglwa a mistè sila a pami pèp etranje yo, ki se Kris nan nou, esperans laglwa a.


pou kè pa yo kapab ankouraje, akoz ke yo vin trese ansanm nan lanmou an. Se konsa yo atenn tout richès ki sòti nan asirans konplè a bon konprann nan, ki pwodwi kòm rezilta, vrè konesans mistè Bondye a, ki se Kris la, Li menm.


Men Senyè a te kanpe avèk mwen e te ban m fòs pou pwoklamasyon an ta kapab fin akonpli nèt, e pou tout pèp etranje yo kapab tande. Se konsa, mwen te sove soti nan bouch a lyon an.


Yo te etenn pouvwa dife a, chape de lanm nepe a, nan feblès yo te vin fò, vin vanyan nan lagè, e yo te fè lame etranje yo sove ale.


men tankou sila ki kache nan kè a moun; avèk kalite enperisab de yon lespri dous e trankil, ki presye nan zye a Bondye.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite