Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Efezyen 2:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Li te leve nou avèk Li, epi te fè nou chita avèk Li nan lye selès yo, nan Kris Jésus,

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Ansanm ak Kris la, Bondye fè nou leve sòti nan lanmò, li fè nou chita jouk anwo nan syèl la ansanm ak li tou.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

6 Se vre wi, se paske nou fè youn ak Kris la ki fè Bondye Papa a resisite nou epi li fè nou chita ansanm ak li nan syèl la.

Gade chapit la Kopi




Efezyen 2:6
16 Referans Kwoze  

Men Mwen di nou, Mwen p ap bwè fwi rezen sila a ankò depi koulye a, jouk rive lè Mwen bwè l de nouvo avèk nou nan wayòm Papa Mwen an.”


Beni se esklav sila yo ke mèt la va twouve k ap byen veye lè l vini. Anverite Mwen di nou keli va mare senti li pou sèvi yo. Li va fè yo repoze sou tab la, e li va vini pou bay yo sèvis.


“Si nenpòt moun ap sèvi Mwen, fòk li swiv Mwen. E kote Mwen ye, la sèvitè Mwen va ye tou. Si nenpòt moun ap sèvi Mwen, Papa a va onore li.


E si Mwen ale pou prepare yon plas pou nou, M ap vini ankò pou resevwa nou a Mwen menm, ke kote Mwen ye, nou kapab la tou.


Paul yon apot Jésus Kri pa volonte a Bondye, a sen ki an Éphèse yo ki fidèl nan Jésus Kri:


Beni se Bondye, Papa Senyè nou an Jésus Kri, ki te beni nou avèk tout benediksyon Lespri a nan lye selès an Kris yo.


Paske nou se èv Li, kreye an Jésus Kri pou fè bon zèv, ke Bondye te prepare davans pou nou ta kapab mache nan yo.


Men koulye a nan Kris Jésus, nou menm ki te oparavan byen lwen, nou gen tan vin touprè pa san a Kris la.


Li se osi tèt a kò a legliz la. Epi Li se kòmansman an, premye ne ki sòti nan lanmò a, pou Li menm kapab vin gen premye plas nan tout bagay.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite