Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Ebre 12:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 ni a gwo kout twonpèt ak son pawòl ki sone tankou sila ki te tande l t ap mande sekou a, pou okenn pawòl pa t pale a yo menm ankò.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

19 Yo te tande son klewon k'ap kònen, ansanm ak vwa yon moun k'ap pale. Lè pitit Izrayèl yo tande vwa sa a, yo mande l sispann pale.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

19 Pa gen son twonpèt ni vwa k ap pale pawòl tankou sa pèp la te tande yo. Moun ki te tande vwa a pale te tèlman anba lapèrèz, yo te mande pou yo pa tande yon mo ankò.

Gade chapit la Kopi




Ebre 12:19
13 Referans Kwoze  

Alò SENYÈ a te di a Moïse: “Konsa ou va pale avèk fis Israël yo: ‘Nou menm, nou gen tan wè ke Mwen te pale avèk nou depi nan syèl la.


epi Li va voye zanj Li avèk yon gwo twonpèt, e yo va rasanble ansanm ak sila ki eli yo, ki sòti nan kat van yo, sòti nan yon pwent syèl la ale nan lòt pwent lan.


nan yon moman, nan yon ti bat zye, nan dènye twonpèt la. Paske twonpèt la va sone, mò yo va vin leve enperisab, e nou tout va vin chanje.


Paske se sa nou te mande SENYÈ a, Bondye nou an, nan mòn Horeb nan jou asanble a, e nou te di: ‘Annou pa tande ankò vwa a SENYÈ a, Bondye nou an, annou pa wè gran dife sa a ankò, oswa nou va mouri.’


“Nou te pwoche e ou te kanpe nan pye mòn nan. Mòn nan te brile avèk dife jis rive nan kè syèl la: tenèb, nwaj avèk fènwa.


Epi SENYÈ a te pale avèk nou soti nan mitan dife a: nou te tande son pawòl yo, men nou pa t wè okenn fòm——sèlman yon vwa.


Èske okenn pèp te janm tande vwa Bondye pale ak yo soti nan mitan dife, jan nou te tande l e viv la?


Paske Senyè a Li menm va desann soti nan syèl la avèk yon gwo kri, avèk vwa akanj lan e avèk twonpèt Bondye a. Konsa, mò an Kris yo va leve premyèman.


Fè si ke nou pa refize Sila k ap pale a. Paske si sa yo pa t chape lè yo te refize li menm ki te avèti yo sou latè a, konbyen mwens nou va chape nou menm ki vire kite Sila ki avèti nou depi nan syèl la.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite