Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Detewonòm 8:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 “Pou sa, nou va kenbe kòmandman a SENYÈ yo, Bondye nou an, pou mache nan chemen Li an, e pou krent Li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Se poutèt sa, toujou kenbe tout lòd Senyè a, Bondye nou an, ban nou pou nou ka mennen bak nou dwat nan chemen li mete devan nou yo, lèfini pou nou toujou gen krentif pou li.

Gade chapit la Kopi




Detewonòm 8:6
9 Referans Kwoze  

pou yo ta kapab gen lakrent Ou, pou mache nan chemen Ou yo pou tout tan ke yo rete nan peyi ke Ou te bay a zansèt nou yo.


A la beni se tout sila ki gen lakrent SENYÈ yo, ki mache nan chemen Li yo.


Epi enstwi yo nan règleman avèk lalwa yo, e fè yo konnen nan chemen ke yo dwe mache a, ak travay ke yo dwe fè a.


Yo te toude jis devan zye Bondye. Yo te mache san fot nan tout kòmandman ak devwa Senyè a.


O ke yo ta tèlman gen yon kè nan yo pou yo ta krent Mwen e kenbe tout kòmandman Mwen yo tout tan, pou li ta kapab byen pou yo ak tout fis yo pou tout tan.


Nou va mache nan tout chemen ke SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande nou an, pou nou kapab viv e pou sa kapab ale byen pou nou, pou jou nou yo kapab pwolonje nan peyi ke nou va posede a.


Konsa, nou fèt pou konnen nan kè nou, ke SENYÈ a, Bondye nou an, t ap korije nou jis jan ke yon mesye korije fis li.


Paske SENYÈ a, Bondye nou an, ap mennen nou antre nan yon bon peyi, yon peyi ki gen anpil ti rivyè ak sous dlo; sous k ap koule, k ap kouri nan vale ak ti mòn yo;


Sèlman, gen lakrent Bondye e sèvi Li anverite, avèk tout kè nou. Paske kalkile ki kalite gwo zafè Li te fè pou nou.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite