Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Detewonòm 8:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 Li va rive ke si nou bliye SENYÈ a, Bondye nou an, pou swiv lòt dye yo pou adore yo, Mwen ap fè temwayaj kont nou jodi a menm, ke anverite nou va peri.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

19 Si nou rive bliye Senyè a, Bondye nou an, pou n'al kouri dèyè lòt bondye, pou nou fè sèvis pou yo, pou n adore yo, mwen tou avèti nou jòdi a, nou tout nou gen pou nou disparèt.

Gade chapit la Kopi




Detewonòm 8:19
18 Referans Kwoze  

Pa mache dèyè lòt dye pou sèvi e adore yo, ni pa pwovoke M a lakòlè ak zèv men nou yo. Konsa, Mwen p ap fè nou okenn mal.”


si nou pa oprime etranje a, òfelen an, oswa vèv la e pa vèse san inosan a nan plas sa, ni mache dèyè lòt dye anvè pwòp destriksyon nou,


nan premye ane a règn pa li a, mwen menm, Daniel, mwen te konprann selon liv yo, nonb dèzane selon pawòl SENYÈ a te vini a Jérémie, pwofèt la, pou ta fè akonplisman dezolasyon a Jérusalem yo, menm swasann-dis ane yo.


“Nou sèlman, Mwen te chwazi pami tout fanmi sou latè yo. Akoz sa, Mwen va pini nou pou tout inikite nou yo.”


Ni ajan yo, ni lò yo p ap kapab delivre yo nan jou jijman an, men tout latè va vin devore nèt pa dife jalouzi Li. Paske Li va mete yon fen, yon fen ki tèrib, a tout moun ki rete sou tè a.


Mwen te detwi nasyon yo. Ranpa yo dezole nèt. Ri yo te vin gate, pou pèsòn moun pa pase. Vil yo fin detwi nèt, pou pa gen moun, pou pa gen pèsòn ki rete ladan yo.


“Sonje lalwa a sèvitè Mwen an, Moïse, règleman ak òdonans ke M te kòmande li nan Horeb pou tout Israël yo.


Mwen di nou: ‘Non’, men amwenske nou repanti, nou tout ap peri konsa.


“Mwen di nou non, men amwenske nou repanti, nou tout va peri menm jan an.”


“Veye nou pou kè nou pa vin sedwi; pou nou pa vire akote pou sèvi lòt dye yo e adore yo.


Paske lè Mwen mennen yo antre nan peyi k ap koule avèk lèt avèk siwo myèl la, ke Mwen te sèmante a zansèt pa yo, yo te manje e satisfè, e yo te vin pwospere, alò, yo va vire a lòt dye yo pou sèvi yo, meprize Mwen e kraze akò Mwen an.


Mwen rele syèl la avèk tè a kòm temwen kont nou jodi a, ke nou va vrèman peri vit nan peyi kote nou ap pase Jourdain an pou posede a. Nou p ap viv pandan anpil tan ladann, men nou va detwi nèt.


konnen, anverite, ke SENYÈ a, Bondye nou an, p ap kontinye chase nasyon sila yo sòti devan nou; men yo va vin yon pèlen ak yon pyèj pou nou, yon frèt bò kote nou ak pikan nan zye nou, jiskaske nou peri sòti nan bon peyi sa a ke SENYÈ a, Bondye nou an, te bannou an.


Men si nou toujou fè mal, ni nou menm ni wa nou an va peri.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite