Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Detewonòm 8:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 “Tout kòmandman ke Mwen ap kòmande nou jodi a, nou va fè atansyon pou fè yo, pou nou kapab viv, miltipliye, e antre ladann pou posede peyi ke SENYÈ a te sèmante a zansèt nou yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Se pou nou swiv pwen pa pwen tout kòmandman m'ap ban nou jodi a pou nou ka viv, pou nou ka gen anpil pitit, pou nou ka mache pran peyi mwen te sèmante m'ap bay zansèt nou yo.

Gade chapit la Kopi




Detewonòm 8:1
9 Referans Kwoze  

Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an. Mache nan règleman Mwen yo e swiv òdonans Mwen yo pou fè yo.


Nou wè, Mwen te mete tout peyi a devan nou. Ale ladann pou posede peyi ke SENYÈ a te sèmante pou bay a zansèt nou yo—a Abraham, Isaac, e a Jacob—a yo menm ak desandan ki apre yo.’”


“Koulye a, O Israël, koute règleman avèk jijman ke mwen ap enstwi nou pou nou fè, pou nou kapab viv. Antre ladann e pran posesyon a peyi a ke SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo, ap bannou.


“Pou sa, nou va swiv e fè ojis jan SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande nou an. Nou pa pou vire ni adwat, ni agoch.


Nou va mache nan tout chemen ke SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande nou an, pou nou kapab viv e pou sa kapab ale byen pou nou, pou jou nou yo kapab pwolonje nan peyi ke nou va posede a.


Men nou va sonje SENYÈ a, Bondye nou an, paske se Li ki ap bannou pouvwa pou fè richès, pou Li kapab konfime akò ke Li te sèmante a zansèt nou yo, jan sa ye jodi a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite