Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Detewonòm 7:23 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

23 Men SENYÈ a, Bondye nou an, va livre yo devan nou, e Li va jete yo nan gran konfizyon jiskaske yo vin detwi.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

23 Men, Senyè a, Bondye nou an, pral lage yo nan men nou. L'ap fè yo pati kouri devan nou jouk n'a fin disparèt yo nèt.

Gade chapit la Kopi




Detewonòm 7:23
11 Referans Kwoze  

“Mwen va voye laperèz Mwen devan nou. Mwen va jete nan konfizyon tout pèp pami sila nou parèt yo, e Mwen va fè tout lènmi nou yo ban nou do.


Rele anmwey, paske jou SENYÈ a toupre! Li va rive tankou yon destriksyon k ap sòti nan Toupwisan an.


Ke sila ki pèsekite mwen yo vin wont, men pou mwen menm, pa kite mwen vin wont; kite yo twouble nèt, men pa kite m vin twouble. Mennen sou yo yon jou gwo twoub. Detwi yo ak yon destriksyon ki doub!


Elas pou jou a! Paske jou SENYÈ a vin pwòch. Li va vini tankou destriksyon ki soti nan Toupwisan an.


Anplis, men a SENYÈ a te kont yo, pou detwi yo soti anndan kan an jiskaske yo tout te mouri.


SENYÈ a va livre yo devan nou, e nou va aji avèk yo an akò avèk kòmandman ke mwen menm te kòmande nou yo.


Jan nasyon ke SENYÈ a ap fè peri devan nou yo, konsa nou va peri, akoz ke nou pa t koute vwa a SENYÈ a, Bondye nou an.”


Pou sa, konnen ke jodi a, se SENYÈ a, Bondye nou an, ki ap travèse devan nou tankou yon dife devoran. Li va detwi yo e Li va donte yo devan nou pou nou kapab chase yo sòti e detwi yo byen vit, jis jan ke SENYÈ a te pale nou an.


Sila yo va peye pinisyon destriksyon etènèl la, lwen prezans Senyè a ak laglwa a pouvwa Li a.


Epi SENYÈ a te fè yo fè dega devan Israël. Li te touye yo avèk yon gwo masak nan Gabaon, Li te kouri dèyè yo nan chemen pant Beth-Horon e Li te frape yo jis rive Azéka, avèk Makkéda.


SENYÈ a te boulvèse Sisera avèk tout cha yo ak tout lame a avèk lam nepe devan Barak, epi Sisera te desann cha li e te sove ale a pye.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite