Élie te pwoche tout pèp la e te di: “Pou konbyen de tan n ap kontinye panche de bò, antre de bi? Si SENYÈ a se Bondye a, swiv Li, men si se Baal, swiv li.” Men moun yo pa t reponn menm yon mo.
Konsa, David te beni SENYÈ a devan zye a tout asanble a. David te di: “Beni se Ou menm, O SENYÈ a, Bondye Israël la, papa nou, jis pou tout tan e tout tan.
Se Ou sèl ki SENYÈ a. Ou te fè syèl yo, syèl de syèl yo avèk tout lame pa yo, latè a avèk tout sa ki sou li, lanmè ak tout sa ki ladann. Se Ou ki bay yo tout lavi. Menm lame syèl la bese ba devan Ou.
Pa tranble, pa pè. Èske depi lontan, Mwen pa t anonse sa a nou menm e te demontre nou sa? Konsa, nou se temwen M. Èske gen okenn Bondye sof ke Mwen menm? Anverite, nanpwen! Mwen pa konnen okenn lòt Wòch.”
Li te reponn: “Ou va renmen Senyè a, Bondye ou a avèk tout kè ou, avèk tout nanm ou, avèk tout fòs ou, e avèk tout panse ou, epi vwazen ou tankou tèt ou.”