Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Detewonòm 5:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 ‘Obsève jou Saba a pou kenbe l sen, jan SENYÈ a Bondye nou an te kòmande nou an.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 Toujou chonje jou repo a pou nou mete l apa pou Bondye, jan mwen menm Senyè a, Bondye nou an, te ban nou lòd fè l la.

Gade chapit la Kopi




Detewonòm 5:12
11 Referans Kwoze  

Nan jou sa yo, mwen te wè nan Juda kèk moun ki t ap bat rezen nan Saba a, ki t ap fè antre sak sereyal yo, chaje yo sou bourik yo, ansanm avèk diven an, rezen yo, fig yo ak tout kalite chaj yo pou yo te pote yo antre Jérusalem nan jou Saba a. Pou sa, mwen te fè temwen kont yo nan jou ke yo t ap vann manje a.


Alo, konsa li te reponn yo: “Men sa ke SENYÈ a vle: ‘Demen se yon jou Saba, yon Saba sen a SENYÈ a. Kwit sa ke nou va kwit, bouyi sa ke nou va bouyi, e tout sa ki rete, mete l akote pou konsève jis rive nan maten.’”


Pou sa, pèp Israël la te poze nan setyèm jou a.


“Men pou ou menm, pale a fis Israël yo. Di yo: ‘Nou va vrèman obsève Saba Mwen yo. Paske sa se yon sign antre Mwen ak nou pandan tout jenerasyon pa nou yo, pou nou kapab konnen ke Mwen se SENYÈ ki fè nou sen an.


“‘Pandan sis jou nou kapab travay, men nan setyèm jou a, gen yon Saba repo konplè, ki sen a SENYÈ a. Nenpòt moun ki fè okenn travay nan jou sa a va vrèman vin mete a lanmò.


“Anplis, etranje ki vin atache yo menm a SENYÈ a, pou sèvi Li, pou renmen non a SENYÈ a, pou vin sèvitè Li, yo tout ki pa derespekte Saba a, e ki kenbe fèm sou akò Mwen an;


“Si, nan Saba a, ou vire pye ou, pou sispann fè pwòp plezi pa ou nan jou sen Mwen an, e rele Saba a yon gwo plezi, epi jou sen a SENYÈ onorab, e bay li onè, olye chache chemen pa ou, olye pwòp plezi pa ou, ak pale pwòp pawòl pa w,


Nou p ap fè okenn chaj sòti lakay nou nan jou Saba a. Ni pa fè okenn travay, men kenbe jou Saba a sen, jan Mwen te kòmande papa zansèt nou yo.


Jésus te di yo: “Saba a te fèt pou lòm, e pa lòm pou Saba a.


‘Pandan sis jou, nou va travay pou fè tout zèv nou yo,


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite