Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Detewonòm 4:45 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

45 sa yo se temwayaj avèk lwa avèk règleman ke Moïse te pale a fis Israël yo, lè yo te sòti an Égypte,

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

45 Men kòmandman, lòd ak prensip Moyiz te ba yo apre yo te fin sòti kite peyi Lejip.

Gade chapit la Kopi




Detewonòm 4:45
13 Referans Kwoze  

Kenbe lòd SENYÈ a, Bondye ou a, pou mache nan tout vwa li yo, pou kenbe règleman Li yo, kòmandman Li yo, òdonans Li yo, avèk temwayaj Li yo, selon sa ki ekri nan Lalwa Moïse la, pou ou kapab vin genyen nan tout sa ke ou antreprann ak nenpòt kote ke ou vire.


Mwen te eritye temwayaj Ou yo pou tout tan, paske se yo ki lajwa kè m.


Mwen te rejwi nan chemen temwayaj Ou yo, konsi se nan tout richès yo.


A la beni se sila ki kenbe temwayaj Li yo, Ki chache Li ak tout kè yo.


Retire repwòch ak mepri a sou mwen, paske mwen obsève temwayaj Ou yo.


Anplis, temwayaj Ou yo se plezi mwen ak konseye mwen yo. DALETH


O ke chemen mwen yo kapab vin etabli pou kenbe règleman Ou yo!


Mwen va bay Ou remèsiman avèk yon kè ki dwat, lè mwen aprann jijman dwat Ou yo.


“Koulye a, O Israël, koute règleman avèk jijman ke mwen ap enstwi nou pou nou fè, pou nou kapab viv. Antre ladann e pran posesyon a peyi a ke SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo, ap bannou.


Alò, sa se lalwa ke Moïse te mete devan fis Israël yo;


anfas Jourdain an, nan vale ki anfas Beth-Peor a, nan peyi a wa Sihon an, wa Amoreyen yo ki te rete Hesbon an, ke Moïse avèk fis Israël yo te bat lè yo te sòti an Égypte la.


“Avèk dilijans, nou dwe kenbe kòmandman a SENYÈ yo, Bondye nou an, ak temwayaj avèk lwa Li yo, ke Li te kòmande nou.


“Lè fis nou mande nou nan tan k ap vini yo, pou di: ‘Kisa temwayaj, lwa ak jijman, ke SENYÈ a te kòmande nou yo vle di?’


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite